Yon Sovè pou ou

The prodigal son asking his father for his inheritance

Èske ou se yon moun ki kontan? Laperèz ak kilpabilite peche kapab pran kontantman ou. Ou kapab mande tèt ou, "Kijan mwen ka kontan?"

Mwen gen bon nouvèl pou ou! Genyen yon moun ki kapab ede ou. Li ka padone peche ou yo epi l ap ba ou kè kontan ki dirab. Non li se Jezi. Kite m pale ou sou li.

Se Papa li, Bondye, ki te kreye lemonn. Li te kreye tout bagay nan lemonn. Li te kreye mwen menm avèk ou.

Bondye renmen nou. Li renmen tout moun nan lemonn. Bondye tèlman renmen nou, ke li te voye Jezi, sèl Pitit li a, sou latè. Lè Jezi te sou latè, li te geri malad yo e konsole moun ki te tris yo. Li te ouvri je avèg yo. Li te anseye moun yo anpil bagay.

Tèks konplèt: Yon Sovè pou ou

Jezi te vle nou konprann gran amou ke Papa li genyen pou ou ak mwen. Li te rakonte istwa sa ki esplike amou Papa li. Ou ka li istwa sa nan Labib, nan Lik 15:11-24.

Te gen yon nonm ki te gen de pitit gason. Li te panse ke tout bagay t ap mache byen. Yon jou, youn nan pitit gason yo te revòlte, li pwoche bò kote li, li di: "Mwen pa renmen kay sa, mwen vle al fè wout pa m e m ap kite isit la. Ban m pòsyon pa m nan eritaj la." Papa a te tris anpil, men li te ba li kòb la epi li kite l ale. Li te mande tèt li si li ta janm wè pitit gason li ankò.

Pitit gason an te ale byen lwen e pran plezi ak lajan li ansanm ak zanmi li yo. Li te gaspiye lajan li nan lavi egoyis. Li te panse li t ap pran plezi anpil, men sanzatann, lajan li te fini e zanmi li yo te kite li. Li te tou sèl e nan bezwen. Kounyeya kisa li dwe fè?

Li te ale jwenn yon kiltivatè ki te voye l bay kochon yo manje. Li pa t jwenn ase pou manje. Li te tèlman grangou, li santi li ta manje nan manje kochon yo. Li te kòmanse reflechi sou tout move bagay li te fè ak jan li te maltrete papa l. Li te vin pi mizerab.

The prodigal son feeding the pigs

Yon jou li te sonje jan papa l te renmen li ak jan li te byen nouri lè li te toujou lakay li. Menm domestik papa li yo te gen ase manje.

Li di nan tèt li: "Èske mwen ka tounen vin jwenn papa m apre tout sa mwen te fè l? Èske li va toujou renmen m? Mwen pa merite ankò pou yo rele m pitit gason li. Mwen ta dakò pou m sèlman yon sèvitè si l ap akeyi mwen."

Li leve imedyatman, li fè wout pou lakay papa l. Li ta pral wè si papa li ta padone l.

Papa a te nan lapenn pou pitit gason li depi li te ale. Li konn mande tèt li: "Èske l ap janm tounen?" Yon jou li wè yon moun ki t ap sòti byen lwen. Èske se te pitit gason l? Lè li wè li, li kouri al jwenn li ak bra louvri.

Pitit la di: "Papa, mwen peche kont ou. Mwen pa merite pou ou rele m pitit ou."

Men, papa li di: Pote pi bon rad pou li epi fè yon resepsyon. Pitit gason mwen an te pèdi, men mwen jwenn li ankò.

The father welcoming the prodigal son home

Nou tout tankou pitit gason sa; nou tout te pèdi lwen Bondye, Papa nou. Nou te gaspiye opòtinite ak anpil bon bagay li te ban nou. Nou te viv yon vi egoyis e nou te revòlte kont li. Jodiya Papa nou ki nan syèl ap envite nou vin jwenn Jezi. Li ap tann nou ak bra louvri.

Jezi te montre nou amou li lè l te bay lavi l kòm yon sakrifis pou peche nou yo ak peche lemonn antye. Moun te rejte li e li te soufri doulè lè li te kite mechan yo kloure l sou yon kwa. Grasa pouvwa Bondye, li leve sòti vivan nan lanmò epi l ap viv pou letènite.

Vin jwenn Jezi epi mande l pou padone peche ou yo. Lè li wè ou regrèt bagay mal yo ou te fè, li va padone ou epi lave tout peche ou yo ak san li ki te koule. Se pral yon bèl eksperyans! Ou pral vin yon moun nouvo. Lavi pral pran yon nouvo sans. Jezi pral ranplase kilpabilite e laperèz ou ak jwa e kontantman. Li va Sovè ou.

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi

Pi Bèl Istwa Nou Dwe Konnen

Bible and Candle

Yon jou, pa t gen anyen sou latè.

Pa t gen pwason.

Pa t gen zetwal nan syèl la.

 
Tèks konplèt: Pi Bèl Istwa Nou Dwe Konnen

Pa t gen lanmè, e pa t gen bèl flè.

Tout espas la te vid e fènwa.

Men Bondye te la.

Bondye te gen yon plan mèveye. Li te panse sou yon bèl lemonn, e pandan li t ap panse, li te fè l. Li te fè l san anyen. Lè Bondye te kreye yon bagay, Li te di, “Se pou li fèt,” e li te fèt!

Li te fè limyè. Li te fè rivyè ak lanmè yo, tè a ak zèb sou li, tout zannimo, zwazo, e pyebwa yo.

Alafen, Li te fè yon nonm, e apre sa li te fè yon madanm pou nonm nan. Yo te rele Adan ak Èv.

Bondye te renmen yo anpil. Chak swa li te vizite yo nan bèl jaden an kote yo te rete.

Tout jaden an te pou yo, sòf yon pyebwa ladann, ke Bondye te entèdi yo manje ladann.

Adan ak Èv te kontan men yon jou Satan, ènmi Bondye a, te tante yo. Yo te deside goute fwi nan pyebwa Bondye te entèdi yo a. Yo te peche. Yo te santi wont e tris pou premye fwa.

Yo pa t kapab pale ak Bondye ankò. Kounyeya yo pral gen doulè ak twoub. E yo pral mouri. Ala tris yo te tris!

Bondye te pwomèt li ta ede yo. Lè tan an ta rive, Li ta voye Pitit li Jezi nan lemonn. Jezi ta soti nan syèl la e li ta fè yon fason pou peche yo kapab padone. Pou fè sa, Li va soufri e mouri pou lezòm. Ala kontan yo te kontan ke Bondye va voye yon Sovè!

Adan ak Èv te fè pitit ak pitit pitit. Apre kèk tan te gen anpil moun nan lemonn.

Bondye te vle pou tout moun kontan. Li te di yo sa pou yo fè. Men yon lis prensip Bondye te bay yo (Egzòd 20:3-17):

1. Piga ou gen lòt dye pase mwen menm sèlman.

2. Piga ou fè okenn estati ni okenn pòtre

3. Piga ou sèvi mal ak non LETÈNÈL, Bondye ou a.

4. Toujou sonje jou repo a pou ou kenbe li sen.

5. Respekte papa ou ak manman ou.

6. Piga ou touye moun.

7. Piga ou fè adiltè.

8. Piga ou pran sa ki pa pou ou.

9. Piga ou bay fo temwanyaj kont pwochen ou.

10. Piga ou konvwate sa ki pa pou ou: ni kay pwochen ou, ni madanm li, ni sèvitè li, ni sèvant li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn lòt bagay ki pou pwochen ou.

Sa yo te ekri nan La Bib pou nou ka li yo tou. Si nou obeyi yo, nou va kontan.

Satan pa vle nou obeyi yo. Pafwa li di nou volè yon bagay ki pa pou nou lè pyès moun ta wè nou. Men Bondye konnen sa. Bondye wè tout bagay.

Pafwa Satan tante nou pou bay yon manti e li fè nou kwè pyès moun p ap konnen. Bondye konnen sa. Li tande tout bagay.

Lè nou fè bagay sa yo, konsyans nou mal alèz. Bondye renmen nou e li vle ede nou fè byen. Se poutèt sa li te voye Jezi nan lemonn. Bondye te sonje pwomès li. Apre anpil ane, Jezi te fèt kòm yon ti bebe. Li te grandi e li te vin yon nonm.

Li te fè anpil bagay mèveye. Li te geri malad yo. Li te fè avèg yo wè. Li te beni timoun yo.

Jezi pa t janm fè anyen ki mal. Li te pale pèp la de Bondye e kijan pou obeyi Li.

Apre kèk tan ènmi Jezi yo te kloure li sou lakwa a. Li te mouri.

Li te soufri e mouri pou peche tout moun, menm pou moun sa yo ki te kloure li sou lakwa a.

Yo te antere Jezi. Men yon bagay mèveye te fèt. Li pa t rete nan tonm nan. Li te resisite nan lanmò!

Apre kèk tan, Bondye te fè li monte nan syèl la nan yon nyaj. Pandan zanmi li yo t ap gade li monte, yon zanj te di yo ke Jezi va retounen ankò.

Jezi te mouri pou peche nou tou. Li vle nou regrèt e konfese peche nou yo. Li prèt pou padonnen nou.

Nou kapab priye Bondye nenpòt lè. Li tande chak pawòl nou e li konnen tout lide nou. Li fè nou kontan lè peche nou yo padonnen. Lè sa nou vle fè sa ki dwat. Lè sa nou vle aji byen ak tout moun.

Nou kapab chwazi dezobeyi Bondye e swiv Satan. Men pawòl Bondye di, si nou rejte Li nan lavi sa, Li va jete nou nan lanfè. Lanfè se yon letan dife k ap boule pou toutan.

Men si nou renmen Jezi e obeyi L, lè Li retounen, Li va mennen nou ale nan syèl la. Syèl la se bèl kay Bondye ak Pitit Li Jezi. Se yon kay ki plen amou ak limyè. La a nou va kontan pou toujou.

 

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi

Sèl vrè Bondye a—Èske ou konnen Li?

Tout moun fè adorasyon. Gen moun ki adore yon bagay, gen moun ki adore yon lòt moun, gen moun ki adore yon imaj, e gen lòt moun ki adore tèt yo. Yo demontre devosyon yo pou dye yo nan plizyè fason. Pandan tout moun sa yo bay devosyon yo devan dye sa yo, yo toujou gen yon dezi ak yon anvi nan kè yo. Moun sa yo ka sèlman jwenn yon soulajman tanporè pou kri nanm yo ak yon ti ti kouraj pou fè fas ak demen. Sa fè yo tris lè yo wè fiti yo sanble menm jan ak jou pase yo. Dye y ap sèvi a pa kapab ranpli espas vid sa nan lavi yo.

Kiyès ou adore? Ki kote dye w la rete? Èske li vivan? Kisa li te fè pou ou jodiya? Èske ou te pale avèk li jodiya? Èske li te reponn kri kè ou? Nan kisa ou kwè?

Mwen vle ede ou fè konesans ak sèl vrè Bondye a ki te venk Satan, pi gran ènmi nou an. Li se Bondye kreyasyon an, ki te kreye tout bagay ak pawòl li. Labib va ede ou konprann Bondye sa ki nan syèl, ki te kreye lòm ak pousyè latè. Li premye ak dezyèm chapit nan Jenèz.

Li se Bondye etènèl la. Li pa gen kòmansman ni fen. Li se menm Bondye yè, jodiya, e pou toutan. Li se kreyatè, prezèvatè, e sipòtè tout bagay (Travay Apòt 17:22-34).

Tèks konplèt: Sèl vrè Bondye a—Èske ou konnen Li?

Gran Bondye sa ki demere nan syèl la enterese nan oumenm tou. Li wè ou nan mitan tout kantite pèp yo. Li renmen ou e li pran swen ou. Li vle vin plis pase zanmi ou sèlman. Li te voye Pitit li pou sove ou. Li vle demere ak ou, e plis ke sa, li vle demere andan ou. Li di, “Demere nan mwen, e mwen va demere nan ou” (Jan 15:4).

Si li pa rete nan kè ou, kiyès ki rete la? Lè nou gade toutotou nou, nou wè ke Satan ap domine e l ap detwi lavi anpil moun. Se limenm ki domine kè sa yo. Li bay ide pou tout mal yo tankou fè manti, vòle, move dezi, twonpe, fè revanj, ak egoyis. Si Satan rete nan kè ou e li tante ou pou kòmanse fè peche sa yo, poukisa ou pa ta vin jwenn vrè Bondye a ki te bay sèl Pitit li, Jezi Kri, pou mouri pou peche ou yo ak peche tout lemonn (Jan 3:16)?

Ou mande, “Kijan sa posib? Kijan yon moun ki si gran, toupwisan, e ki gen tout pouvwa kapab demere nan kè mwen?” Gade nan Ezayi 57:15.

Si ou fin fatige ak peche, poukisa ou pa priye Bondye epi repanti? Pa mwayen lafwa nan Bondye ak san Kris la, peche ou va padone e ou va resevwa yon nouvo nati. Lè Satan vin pou tante ou, ou va santi prezans Bondye toupwisan. Li va ba ou direksyon e li va anseye ou tout bagay (Jan14:26).

Nan Jan 10:10, Jezi pwomèt nou lavi ann abondans e li kapab ba ou lavi sa. Se va kado ou pou toutan ou rete fidèl e obeyi Li. “Si nou dakò pou nou fè sa mwen di nou fè, nou va manje bèl rekòt peyi a va bay” (Ezayi 1:19). Pa gen yon lòt dye ki gran konsa.

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi