Padon

Èske ou jwenn padon? Avni etènèl ou depann sou repons kesyon serye sa. Labib anseye nou ke “pa genyen moun ki jis, pa menm yon sèl” (Women 3:10). Vèsè 23 nan menm chapit la di nou: "paske tout moun fè peche, e yo tout manke glwa Bondye." Nou bezwen jwenn padon Bondye si nou vle sove anba konsekans peche yo. Yon jou nou pral rankontre Senyè a nan jijman. "Paske fòk nou tout konparèt devan tribinal Kris, pou chak moun resevwa daprè byen oubyen daprè mal li te fè, lè li te nan kò li" (2 Korentyen 5:10). Nou va fè fas ak letènite, e sa trè enpòtan pou nou konnen ke nou jwenn padon. Si nou jwenn padon, n ap kapab antre nan syèl. Si nou pa jwenn padon, nou pral kondane nan lanfè etènèl ansanm ak dyab la e zanj li yo (Matye 25:31-34, 41).

Padon pa mwayen san Kris

Alò kisa nou ka fè pou nou sove nanm nou? Nou pa ka sove tèt nou, men nou kapab aksepte plan Bondye pou nou. Nou va konprann plan sa pi byen lè nou konsidere sa li te montre pèp li a, Izrayelit yo, anvan Kris te vini. Bondye te di yo pou yo sakrifye bèt. Lè yo te touye ti mouton yo, sa te senbolize Anyo pafè Bondye a, Jezi Kri, ki ta rachte tout moun lè li ta vide san li pou peche yo. Lè yo te koule san bèt yo, sa te ede moun yo konprann konsekans peche yo tou. Efezyen 1:7 di: "Nan Kris pri a peye pou nou rachte grasa san li, peche nou padone, daprè richès gras li."

“Paske ou konnen ke se pa avèk bagay perisab. . . Men se avèk san Kris la, ki byen chè, kòm san yon ti mouton san defo e san tach” (1 Pyè 1:18-19). Nou jwenn padon pa mwayen lanmò Kris epi san li ki te koule pou peche lòm (Ebre 9:22).

Tèks konplèt: Padon

Annou remake sa, poutèt peche nou yo, nou ta merite lanmò etènèl. Men, poutèt amou Li ak mizèrikòd Li anvè nou, Jezi te mouri nan plas nou, pou nou kapab jwenn padon e pou peche nou yo kapab kouvri.

Moun ki pa padone antre nan esklavaj

Lè nou fè eksperyans ak padon mèveye Kris la, nou resevwa lapè. Pou kenbe lapè sa, li nesesè pou nou padone lòt yo. Kris di nou nan Matye 6:14-15, “Si nou padone lòm ofans yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou tou; men si nou pa padone lòm, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo nonplis.”

Jezi te rakonte yon istwa ki anseye nou danje ki genyen lè nou pa padone lòt yo. Istwa sa te sou yon wa ki te vle verifye kont sèvitè li yo. Li te dekouvri ke youn nan sèvitè li yo te dwe li anpil lajan, anviwon salè pou anpil ane. Wa a te di li ke li pral vann sevitè a, fanmi li ak tout byen li yo. Sevitè a te sipliye wa a pou mizèrikòd e wa a te padone dèt li. Apre sa, sèvitè sa a te jwenn youn nan lòt sèvitè yo ki te dwe li yon ti kantite lajan, anviwon salè pou yon jounen. Li te di parèy li a ke li dwe peye tout dèt li. Kamarad li a te sipliye li pou mizèrikòd, men sèvitè a pa t padone dèt li. Lè wa a tande sa, li rele sevitè li a. Li di li: “Mwen te padone ou lè ou te mande m. Èske ou pa dwe fè menm bagay la? Lè sa a, wa a voye l nan prizon jiska dèt la te peye. Apre sa, Jezi te di ke Papa nou ki nan syèl p ap padone nou si nou pa padone lòt yo. (Matye 18:23-35)

Rayisans, ofans, ak rankin fè anpil efè negatif. Moun ki pèmèt atitid sa yo nan lavi li se yon moun ki mizerab. Li va soufri nan li, menm jan ak relasyon li ak lòt moun.

Lè nou pa padone lòt yo, sa kreye yon esklavaj pou nanm nou ki kapab konpare ak moun ki esklav lòt moun oubyen moun ki adikte nan dwòg. Rankin sa tounen yon rasin anmè andedan nou. Sa mare nou nan tristès, rayisman, ak kòlè; sa pa kite lajwa, amou, ak kominyon antre. Rasin anmè sa se rezilta yon lespri lògèy ki sonje tout mal nou panse lòt moun fè nou e ki chache tire revanj pou tout sa yo. Si nou refize lage ofans sa yo, yo va kontwole lespri nou. Nou va antre nan esklavaj anba ofans sa yo epi nan esklavaj peche devan Bondye.

Padon san kondisyon

Jezi te anseye ke sèl fason nou kapab padone lòt yo se pou fè sa menm jan li te padone nou. Nou dwe padone lòt yo san gade nati oubyen pèz ofans la kont nou, san gade kantite ofans yo kont nou, e san gade karaktè moun nan ki ofanse nou. Nou dwe bay mizèrikòd san kondisyon menm jan Bondye te bay nou mizèrikòd. Lè nou imilye tèt nou e padone lòt yo, Bondye ouvri pòt la pou nou jwenn padon pou erè nou ak peche nou yo. Bondye padone konplètman tout moun ki vin jwenn li ak yon lespri enb e penitan.

Lè nou swiv Sentespri a, nou va konnen laverite, e laverite va rann nou lib (Jan 8:32). Vèsè 36 di, “Si Pitit la rann nou lib, nou va lib tout bon.”

“Jodiya si ou tande vwa li, piga fè kè ou di” (Ebre 3:15). Nan Matye 11:28, Jezi te di, “Vin jwenn mwen. . . e m a ban nou repo.” Lè nou swiv ansèyman sa yo, nou va jwenn padon e nou kapab padone lòt yo.

Vin jwenn Bondye

Kounyeya, kesyon an se kijan nou kapab vin jwenn Bondye? Nou jwenn repons la nan Labib. “Pèsonn pa kapab vin jwenn mwen si Papa a ki voye m nan pa atire li” (Jan 6:44). Bondye, pa mwayen Sentespri li, fè nou konprann ke nou se pechè e nou bezwen yon Sovè. Pafwa nou pa fin konprann apèl Bondye. Petèt nou kòmanse santi yon tristès ak chagren nan kè nou- yon bagay nou manke, yon santiman ke nou pa kòrèk, yon konviksyon ke nou pa sove.

Lè nou vin rekonèt ke lespri nou pa alèz, nou dwe ouvri kè nou devan Bondye pou direksyon li. Chaj peche a va vin byen lou, e kè nou va plen ak chagren poutèt lavi nou ki plen ak peche. Bondye vle nou bay li tout lavi nou nan yon vrè repantans. Lè Bondye wè kè nou fayi e chagren konsa, e ke nou pare pou vrèman fè volonte li, li va padone tout peche nan lavi nou yo, e nou resevwa padon ak lapè (Sòm 34:18, Sòm 51:16-17). Ala nou kontan, e nou vle pataje ak lòt yo sa Kris te fè nan kè nou!

Libète sa pa vini pa mwayen entelijans lòm. Se travay Sentespri a nan kè nou ki fè nou konvèti nan yon lavi nouvo. Pa mwayen pwisans Sentespri a, nou kapab mete lafwa ak konfyans nou nan Bondye pou nou kapab imilye tèt nou e padone lòt yo. 2 Korentyen 5:17 di, “Si yon moun nan Kris, li se yon nouvo kreyati; vye bagay yo pase; menni, tout bagay vini nouvo.”

Chemen padon an nou jwenn nan Labib se yon bèl chemen. Yon lafwa ki konfye nan sakrifis Jezi ansanm ak yon vrè soumisyon devan Bondye ak volonte li va retire tout chay peche nan kè nou. San Jezi Kri va kouvri tout peche nou yo konplètman. Padon sa ke Bondye ban nou va retire tout ofans nou yo ak peche nou yo. Li netwaye kè nou nèt epi li va bliye peche nou yo, “mwen p ap sonje peche yo ankò” (Ebre 8:12). Ala yon libète mèveye nou kapab jwenn lè Bondye padone peche nou yo e nou kapab padone lòt moun. Ou kapab gen eksperyans sa nan kè ou ak nan lavi ou. Vin jwenn Jezi jodiya!

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi