Pi Bèl Istwa Nou Dwe Konnen

Bible and Candle

Yon jou, pa t gen anyen sou latè.

Pa t gen pwason.

Pa t gen zetwal nan syèl la.

 
Tèks konplèt: Pi Bèl Istwa Nou Dwe Konnen

Pa t gen lanmè, e pa t gen bèl flè.

Tout espas la te vid e fènwa.

Men Bondye te la.

Bondye te gen yon plan mèveye. Li te panse sou yon bèl lemonn, e pandan li t ap panse, li te fè l. Li te fè l san anyen. Lè Bondye te kreye yon bagay, Li te di, “Se pou li fèt,” e li te fèt!

Li te fè limyè. Li te fè rivyè ak lanmè yo, tè a ak zèb sou li, tout zannimo, zwazo, e pyebwa yo.

Alafen, Li te fè yon nonm, e apre sa li te fè yon madanm pou nonm nan. Yo te rele Adan ak Èv.

Bondye te renmen yo anpil. Chak swa li te vizite yo nan bèl jaden an kote yo te rete.

Tout jaden an te pou yo, sòf yon pyebwa ladann, ke Bondye te entèdi yo manje ladann.

Adan ak Èv te kontan men yon jou Satan, ènmi Bondye a, te tante yo. Yo te deside goute fwi nan pyebwa Bondye te entèdi yo a. Yo te peche. Yo te santi wont e tris pou premye fwa.

Yo pa t kapab pale ak Bondye ankò. Kounyeya yo pral gen doulè ak twoub. E yo pral mouri. Ala tris yo te tris!

Bondye te pwomèt li ta ede yo. Lè tan an ta rive, Li ta voye Pitit li Jezi nan lemonn. Jezi ta soti nan syèl la e li ta fè yon fason pou peche yo kapab padone. Pou fè sa, Li va soufri e mouri pou lezòm. Ala kontan yo te kontan ke Bondye va voye yon Sovè!

Adan ak Èv te fè pitit ak pitit pitit. Apre kèk tan te gen anpil moun nan lemonn.

Bondye te vle pou tout moun kontan. Li te di yo sa pou yo fè. Men yon lis prensip Bondye te bay yo (Egzòd 20:3-17):

1. Piga ou gen lòt dye pase mwen menm sèlman.

2. Piga ou fè okenn estati ni okenn pòtre

3. Piga ou sèvi mal ak non LETÈNÈL, Bondye ou a.

4. Toujou sonje jou repo a pou ou kenbe li sen.

5. Respekte papa ou ak manman ou.

6. Piga ou touye moun.

7. Piga ou fè adiltè.

8. Piga ou pran sa ki pa pou ou.

9. Piga ou bay fo temwanyaj kont pwochen ou.

10. Piga ou konvwate sa ki pa pou ou: ni kay pwochen ou, ni madanm li, ni sèvitè li, ni sèvant li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn lòt bagay ki pou pwochen ou.

Sa yo te ekri nan La Bib pou nou ka li yo tou. Si nou obeyi yo, nou va kontan.

Satan pa vle nou obeyi yo. Pafwa li di nou volè yon bagay ki pa pou nou lè pyès moun ta wè nou. Men Bondye konnen sa. Bondye wè tout bagay.

Pafwa Satan tante nou pou bay yon manti e li fè nou kwè pyès moun p ap konnen. Bondye konnen sa. Li tande tout bagay.

Lè nou fè bagay sa yo, konsyans nou mal alèz. Bondye renmen nou e li vle ede nou fè byen. Se poutèt sa li te voye Jezi nan lemonn. Bondye te sonje pwomès li. Apre anpil ane, Jezi te fèt kòm yon ti bebe. Li te grandi e li te vin yon nonm.

Li te fè anpil bagay mèveye. Li te geri malad yo. Li te fè avèg yo wè. Li te beni timoun yo.

Jezi pa t janm fè anyen ki mal. Li te pale pèp la de Bondye e kijan pou obeyi Li.

Apre kèk tan ènmi Jezi yo te kloure li sou lakwa a. Li te mouri.

Li te soufri e mouri pou peche tout moun, menm pou moun sa yo ki te kloure li sou lakwa a.

Yo te antere Jezi. Men yon bagay mèveye te fèt. Li pa t rete nan tonm nan. Li te resisite nan lanmò!

Apre kèk tan, Bondye te fè li monte nan syèl la nan yon nyaj. Pandan zanmi li yo t ap gade li monte, yon zanj te di yo ke Jezi va retounen ankò.

Jezi te mouri pou peche nou tou. Li vle nou regrèt e konfese peche nou yo. Li prèt pou padonnen nou.

Nou kapab priye Bondye nenpòt lè. Li tande chak pawòl nou e li konnen tout lide nou. Li fè nou kontan lè peche nou yo padonnen. Lè sa nou vle fè sa ki dwat. Lè sa nou vle aji byen ak tout moun.

Nou kapab chwazi dezobeyi Bondye e swiv Satan. Men pawòl Bondye di, si nou rejte Li nan lavi sa, Li va jete nou nan lanfè. Lanfè se yon letan dife k ap boule pou toutan.

Men si nou renmen Jezi e obeyi L, lè Li retounen, Li va mennen nou ale nan syèl la. Syèl la se bèl kay Bondye ak Pitit Li Jezi. Se yon kay ki plen amou ak limyè. La a nou va kontan pou toujou.

 

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi