Batay nanm ou

A shield and sword

Pi gran batay yo nan lavi a fèt andan kè a.

Anpil lidè nan istwa te gen entansyon domine lòt nasyon. Konn gen kèk lidè ak dirijan egoyis ki menm fè panse pou yo domine lemonn antye. Lidè sa yo konn fòse plizyè milye sòlda antre nan batay akòz dezi pèsonèl yo pou gen pouvwa, richès ak renome.

Batay fizik ki fèt ant lame yo konn lakòz anpil mizè ak pèt lavi. Anpil sòlda konn blese grav, e anpil lavi konn fini bonè san rezon akòz objektif egoyis dirijan sa yo. Sa konn lakòz anpil soufrans nan kè fanmi moun sa yo ki te mouri. Defèt sa yo konn lakòz anpil chagren ak tristès pou lidè ki pèdi yo.

 
Tèks konplèt: Batay nanm ou

Batay espirityèl la

Chak nanm responsab fè fas ak gran batay espirityèl nan lavi yo. Konsekans batay sa yo gen gran pèz, ak enpòtans. Lè yon lidè pèdi yon batay fizik sa kapab fè li wont pandan lavi li. Men pèdi batay nanm ou va pote soufrans pou letènite. Èske ou reflechi sou konsekans lavi egoyis e san Kris la?

Èske ou va pèdi batay lavi a? Batay ant lavi e lanmò? Batay ant syèl ak lanfè? Batay ant nye tèt ou ak renmen tèt ou, nanm ou ak lemonn? Jezi te di: “E sa sa sèvi yon nonm si li genyen lemonn antye e ke li pèdi nanm li? (Mak 8:36).

Menm si nou posede anpil oubyen ti kras nan monn natirèl sa a, epi nou pèdi nanm nou, ala yon trajedi! Destinasyon etènèl nou va detèmine. Anpil moun pa konprann ke gen yon gran batay espirityèl pou konbat. Satan ak lemonn ap avegle konpreyansyon yo, e yo pa konsyan reyalite batay yo kont peche. Labib di: “Reveye ou, oumenm k ap dòmi, leve ou pami yo, e Kris va klere ou.” (Efezyen 5:14). Kase chenn peche e kouri lwen Satan. Goumen jis batay la fini! Ou pa ka chape anba lanmò natirèl, men ou kapab chape anba lanmò etènèl. Si ou pèdi batay la pou delivre nanm ou, ou va kondane nan lanfè ak touman etènèl.

Chwa a

Èske ou konn konsidere gen yon pa sèlman ant oumenm ak lanmò? Èske ou pare pou w janbe papòt tan an pou antre nan letènite? Pou gen viktwa sa, ki va mennen w nan kay selès la, fòk ou vin jwenn Jezi. “Bondye... kounyeya, li deklare ke moun toupatou gen pou repanti” (Travay 17:30). KOUNYEYA! Se pa demen oubyen kèk lòt sezon ki favorab. “Men tan favorab la kounyeya; men, jou sali a kounyeya ” (2 Korentyen 6:2). Si w poko gen Kris nan kè ou, si lavi w ap kondane ou, si w poko genyen eksperyans nouvo nesans la (Jan 3:3), pa rete kè poze. Repanti! Vin jwenn Jezi jan ou ye a pandan l ap frape nan pòt kè w. Li te di: “Si yon moun tande vwa mwen, e ouvri pòt la, m ap antre lakay li.” (Revelasyon 3:20). Ou ka mande: “Èske yon pechè ka sove vre?” Wi! Vin jwenn Kris pa lafwa e tout kè ou epi aksepte li kòm Sovè pèsonèl ou, repanti de peche ou yo epi obeyi vwa Sentespri a. Lè sa, ou va genyen batay nanm ou. Ou p ap sèlman jwi lapè ak lajwa nan lavi sa, men tou, benediksyon e glwa ak Sovè ou nan letènite. Plizyè milye ane pase, pwofèt Ezekyèl te di: “Si mechan an sispann fè peche ... si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li va viv, epi li p ap mouri.” (Ezekyèl 18:21).

Si ou gen entansyon jwi plezi nan monn peche sa, ou va pèdi alafen menm jan anpil lidè ki te swaf pouvwa fè nan tout istwa. Ou va tankou yon nonm k ap nwaye san yon sovè, epi ou va peri. Kouri pran Jezi Kri, gran Sovè lavi a, san pèdi tan. Li va sove ou. Lè sa, konsènan dènye batay la, ou va di ansanm ak apòt Pòl: “Men annou rann gras pou Bondye, ki ban nou viktwa gras a Jezi Kri, Senyè nou!” (1 Korentyen 15:57).

Apòt Pòl te ekri daprè batay nanm nan se yon bon batay. Li di: “Konbat bon konba lafwa a, atrap vi etènèl la” (1 Timote 6:12). Bondye byen enterese nan batay lafwa sa e li pran plezi nan rekonpanse moun ki gen lafwa nan li. Viktwa sa disponib pou tout moun.

Chè zanmi, ou gen dwa pou chwazi viktwa oubyen defèt; syèl la oubyen lanfè; Bondye vivan an oubyen dyab la; yon letènite jwa epi glwa oubyen malè ak touman san fen. "Mwen mete lavi ak lanmò devan ou, benediksyon ak madichon: Se poutèt sa, chwazi lavi" (Detewonòm 30:19).

Chwazi Jezi jodiya!

 

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi