Istwa kreyasyon an

The earth, creation

Èske ou konn gade toutotou ou epi mande kijan tout bagay te kòmanse? Gen anpil bèt, zwazo, pyebwa, ak plant sou tè a. Ki kote yo te sòti? Èske yo te toujou egziste? Ki kote moun sòti? Gade tèt ou epi wè kijan kò ou fonksyone. Ou sèvi ak je ou pou wè, zòrèy ou pou tande, e pye ou avèk men ou pou ede ou fè mouvman e pote ou ale kote ou vle. Èske tout bagay sa yo jis rive konsa, oubyen kiyès te fè yo?

Creation desert sky mountain

Nou jwenn repons kesyon sa yo nan Labib Pawòl Bondye a. Labib pale de kreyasyon monn nan. Premye vèsè nan Labib di, "Nan kòmansman Bondye te kreye syèl la ak tè a" (Jenèz 1:1). Anvan Bondye te kreye tè a, Bondye te deja egziste. Bondye te toujou egziste; Li pa genyen kòmansman ni fen.

Tèks konplèt: Istwa kreyasyon an

Premye chapit Jenèz la anseye nou ke Bondye te kreye lemonn ak tout sa ki ladann nan sis jou.

Nan premye jou a, Bondye te di "Se pou limyè fèt." Epi limyè te fèt. Li te separe limyè ak fènwa a epi li te rele yo lajounen e lannwit.

Nan dezyèm jou a, li te fè syèl la.

Creation lake trees turtle

Sou twazyèm jou a Li te sanble dlo yo pou tè sèk la ka parèt. Li te rele yo tè ak lanmè. Li te fè zèb, plant, ak pyebwa e li te kreye yo pou yo ka pwodwi semans pou yo fè plis plant ak pyebwa tankou yo.

Creation flower plants hummingbird

Sou katriyèm jou a Bondye te kreye de gran limyè. Solèy la se pi gran limyè pou domine lajounen epi lalin se sa ki pi piti a pou domine lannwit. Poutèt sa nou gen jou yo, mwa yo, ak ane yo. Li te fè tout zetwal yo tou.

Sou senkyèm jou a Bondye te fè zwazo yo ak pwason yo.

Sou sizyèm jou a li te fè tout zannimo ki mache e ki trennen sou tè a. Li te kreye yo pou fè pitit ki sanble ak yo. Paske li te kreye yo konsa, lavi toujou pwodwi lavi. Lè sa yo ki gen anpil laj mouri, gen plis jenn pou ranplase yo.

Creation water trees birds

Sou sizyèm jou a Bondye te kreye lòm nan imaj Li, tou. Li te fòme li ak pousyè tè a. Li te konnen nonm nan ta bezwen yon moun pou ede li, poutèt sa li te pran yon zo kòt nan nonm nan e Li te fè yon fanm. Bondye te di yo pou miltipliye e ranpli latè ak pitit e pou yo domine sou tout sa Li te kreye.

Apre Bondye te fin konplete kreyasyon an, Li te gade tout sa Li te fè e Li te wè l bon nèt.

Bondye te kreye latè pou lezòm te kapab demere ladann, e se pou lezòm adore epi onore Li. Bondye te kreye lòm pou domine e pran swen kreyasyon Li.

Labib gen plis istwa sou lemonn ak lezòm pandan tout syèk yo, men sa se rapò a ki fè nou konnen kijan tout bagay te kòmanse. Bondye renmen lezòm plis pase sa nou kapab konprann, e Li te fè anpil bèl bagay pou nou jwi. Lè nou kenbe yon ti bebe, lè nou gade yon bèl flè, oubyen lè nou wè solèy ap desann nan lwès la, tout sa yo dwe fè nou sonje Bondye, ki se Papa tout bagay. Li vle ou onore Li ak lavi ou. Li gen pouvwa sou tout bagay, e Li renmen ou. Li vle vin Sovè ou e zanmi ou.

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi