Yon zanmi pou ou

Jezi se zanmi ou

Jesus is your friend

Mwen gen yon zanmi. Li se pi bon zanmi ke mwen pa t janm genyen. Li vrèman janti e fidèl, e mwen ta renmen ou konnen li tou. Non li se Jezi. E bagay ki pi bèl se ke li ta renmen vin zanmi ou tou.

Kite m pale ou de li. Nou li istwa sa nan Labib. Labib se laverite. E se Pawòl Bondye.

Se Bondye ki te kreye lemonn ak tout bagay ladann. Li se Senyè syèl la ak tè a. Li te bay lavi ak souf pou tout bagay.

Tèks konplèt: Yon zanmi pou ou

God's creation

Jezi se Pitit Bondye a. Bondye te voye li sòti nan syèl la pou vin sou latè, pou li vin pwòp Sovè nou. Bondye tèlman renmen lemonn (sa vle di, li renmen oumenm ak mwen) ke li te voye Jezi, sèl Pitit li a, (mouri pou peche nou yo) pou nenpòt moun ki kwè nan li pa peri, men pou li genyen lavi etènèl (Jan 3:16).

Jezi te vin sou latè tankou yon ti bebe. Papa ak manman li sou latè se te Jozèf ak Mari. Li te fèt nan yon pak bèt e li te kouche nan yon krèch.

Jesus' birth

Jezi te grandi nan kay Jozèf ak Mari e li te obeyi yo. Li te genyen frè ak sè. Li te ede Jozèf nan atelye chapant li a.

Jesus and the lad with food

Lè Jezi te fin gran, li te anseye moun yo de Papa li ki nan syèl la. Li te montre yo ke Bondye renmen yo. Li te geri malad yo e konsole moun ki gen pwoblèm yo. Li te zanmi timoun yo, e li te vle yo rete toupre li. Li te gen tan pou yo. Timoun yo te renmen Jezi e yo te renmen rete bò kote l.

Gen moun ki pa t renmen Jezi. Yo te jalou, e menm rayi l. Yo te tèlman rayi l, e vle touye l. Yon jou terib, yo te touye Jezi e kloure li sou yon kwa. Jezi pa t fè anyen ki mal. Men Li te dwe mouri nan plas nou paske mwen menm ak ou te fè sa ki mal.

Jesus on the cross

Istwa Jezi a pa fini ak lanmò li. Paske Bondye te leve li nan lanmò! Disip li yo te wè li. Apre sa, yon jou li te retounen nan syèl la.

Jodiya, li kapab wè ou e tande ou. Li konnen tout bagay de ou e li renmen ou. Sèlman vin jwenn li nan lapriyè. Di li tout pwoblèm ou yo. Li la e li pare pou ede ou. Ou ka bese tèt ou e pale ak li, nenpòt kilè, nenpòt ki kote.

Yon jou li va retounen ankò! Tout moun ki kwè nan li yo, li va mennen yo lakay li nan syèl.

Jesus listening to a woman pray

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi