Kado Bondye: Istwa Fèt Nwèl

Jesus in a manger

Avan tan kòmanse, Bondye te la. Li te kreye latè ak tout bagay ki sou li. Nan amou li, li te kreye moun nan pwòp imaj li e li te mete li nan yon bèl jaden. Lòm te dezobeyi kòmandman Bondye. Dezobeyisans sa te yon peche e sa te separe lòm ak Bondye. Li te di yo pou yo ofri kòm sakrifis jenn bèt ki pafèt pou peche yo. Sakrifis sa yo pa t peye pou peche yo men sa te demontre pi gran sakrifis ke Bondye pral bay yo. Yon jou Bondye ta voye Pitit li, Jezi, sou tè sa pou li vin pi gran sakrifis la pou peche tout moun.

Mari ak zanj la

The angel speaks to Mary

Kat mil ane pita, yon jenn fanm ki rele Mari te rete nan vil Nazarèt la. Li te fiyanse pou marye ak Jozèf. Yon jou yon zanj te parèt devan Mari e li di l ke li ta fè yon pitit espesyal. Li dwe rele l Jezi. Pitit sa pa ta genyen yon papa sou tè sa. Li ta Pitit Bondye.

Nesans Jezi

 
Tèks konplèt: Kado Bondye: Istwa Fèt Nwèl

The star shining over Bethlehem

Apre vizit zanj la, Jozèf ak Mari te fè yon gwo vwayaj pou ale Betleyèm pou peye taks. Lè yo te rive Betleyèm, vil la te chaje ak moun. Yo te pase nwit la nan yon kay pou bèt paske yo pa t jwenn plas nan lotèl la. Se la Jezi te fèt. Mari te vlope li e mete l kouche nan yon krèch.

Gadò mouton yo

Angels bring glad tidings to the shepherds

Nan menm nwit sa, te gen gadò mouton ki t ap gade mouton yo andeyò vil la. Yon zanj te parèt epi glwa Bondye te klere toupatou kote yo te ye. Zanj lan di, “Pa pè, mwen gen bon nouvèl ki va bay pèp la gran kontantman. Jodiya yon Sovè fèt. Li se Jezi Kri Senyè a. Nou va jwenn li vlope, kouche nan yon krèch.” Lè sa anpil zanj te parèt ap bay Bondye lwanj e yo t ap di “Glwa pou Bondye nan lye Trè Wo, e lapè sou latè, byenveyans pou lòm.” Apre zanj yo disparèt, gadò yo te kite mouton yo e yo te prese ale Betleyèm. Yo te jwenn ti bebe a menm jan zanj lan te di.

Maj yo

The wise men bring their gifts

Apre Jezi te fèt, kèk maj te sòti yon lòt peyi vin Jerizalèm. Yo te mande, “Kote bebe a ki fèt pou li vin Wa Jwif yo? Nou te wè zetwal li nan lès la e nou vle adore li.” Lè Wa Ewòd te tande sa, li pa t kontan. Li te rele tout prèt yo ak pwofesè lalwa yo. Yo di li ke pwofèt yo te di yon wa ta fèt nan Betleyèm. Wa Ewòd la te voye maj yo ale Betleyèm pou chache wa sa. Lè maj yo te kite Jerizalèm, zetwal la te gide yo nan kay la kote yo te jwenn ti bebe Jezi. Yo te bese fas atè pou adore li, e yo te bay li lò, lansan, epi lami kòm kado. Bondye te avèti maj yo nan yon rèv pou yo pa tounen kote Wa Ewòd la, poutèt sa yo te pran yon lòt wout pou ale lakay yo.

Rezon an pou kado Bondye

Jezi se te Pitit Bondye. Li te viv san peche e li te pafèt nan tout kondwit li. Lè li te gen trantan, Jezi te kòmanse anseye pèp la sou Bondye, Papa li. Li te fè anpil mirak tankou fè avèg yo wè, geri anpil maladi, e li te menm fè mò yo resisite. Plis ke sa, li te anseye kijan nou kapab gen lavi etènèl nan syèl. Apre sa li te bay lavi li kòm sakrifis pou tout peche yo nan lemonn.

Labib di nan Jan 3:16, “Paske Bondye tèlman renmen lemonn ke li bay sèl Pitit li a, pou nenpòt moun ki kwè nan li pa peri, men pou li genyen lavi etènèl.” Jezi te vin sou tè sa pou mouri sou yon kwa kòm pi gran sakrifis. Pa mwayen lanmò li, pri tout peche yo gentan peye. Nou pa bezwen ofri sakrifis pou peche nou ankò. Sa se akonplisman pwomès Bondye a pou voye yon Sovè.

Jesus on the cross

Malgre moun mechan yo te touye Jezi, lanmò pa t gen pwisans sou li. Apre twa jou li te resisite nan lanmò ak viktwa. Pandan plizyè jou apre rezirèksyon li, anpil moun te wè Jezi. Yon jou, apre li te beni disip li yo, li te monte nan syèl.

Lè nou fè chwa pou nou kwè epi bay Jezi lavi nou, san li netwaye tout peche nou yo. Lè nou aksepte kado sali a, nou reyini ak Bondye. Jezi se Sovè pèsonèl nou, e nou kapab jwi tout benediksyon kòm pitit li! Yon jou konsa Jezi ap retounen. Li va pran tout vrè kwayan yo avèk li nan syèl. Se la yo va viv pou toutan ak Bondye.

 

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi