Yon kay pou ou

Your Heavenly Home

Nan kòmansman an, Bondye te kreye lemonn. Li te kreye solèy la, lalin ak zetwal yo, bèt ak plant yo. Sou sizyèm jou a, li te kreye lòm nan imaj li epi soufle nan li souf lavi a.

Premye gason an te Adan e madanm li te rele Èv. Bondye te ba yo yon kay nan yon bèl jaden. Bondye te renmen Adan ak Èv e yo te renmen Bondye. Bondye te bay Adan lòd pou li okipe jaden an. Bondye te di yo ke yo kapab manje nenpòt bagay yo vle, sòf nan pyebwa konesans byen ak mal la, e yo ta mouri si yo dezobeyi li.

Tèks konplèt: Yon kay pou ou

Yon jou, yon bagay terib te rive! Adan ak Èv te peche lè yo te dezobeyi Bondye e yo te manje nan pyebwa entèdi a. Yo te vin pè Bondye e yo kache. Bondye te konnen ki kote yo te kache. Li te vini, e li rele Adan. Bondye te di li paske yo te dezobeyi, fòk yo kite bèl jaden an.

Bondye pa t bliye Adan ak Èv. Li te toujou renmen yo. Li te pwomèt pou l voye sèl Pitit li a, Jezi, nan lemonn. Jezi ta mouri pou peche yo pou yo kapab viv! “Paske Bondye tèlman renmen lemonn, ke li bay sèl Pitit li a, pou nenpòt moun ki kwè nan li pa peri, men pou li gen lavi etènèl” (Jan 3:16).

Jezi te vini vre! Li te anseye ke tout moun te peche. Pechè yo te dwe mouri. Jezi tèlman renmen nou, li te di Bondye ke l ap mouri pou peche tout moun. Li te mouri pou chak moun ki te fè sa ki mal.

Bon nouvèl: Jezi vivan! Li sòti nan kavo a! Li te di: “Mwen se chemen an, laverite e lavi” (Jan 14:6). Jezi vle kondwi nou jwenn Papa li ki nan syèl.

Pafwa nou santi moun pa renmen nou. Moun ki bò kote nou yo tris, blese oubyen fache. Petèt nou pè oubyen nou santi yon dezi anndan nou ki pa janm kite nou. Nou ta renmen konnen kiyès ki kapab ede nou e poukisa nou santi nou pou kont nou. Bondye mete dezi sa byen fon nan kè nou paske li renmen nou. Se yon fason espesyal ki atire nou jwenn Papa nou ki nan syèl. Bondye vle ranplase dezi sa nan kè nou ak amou li.

Li vle ou priye nan kè ou epi di, “Jezi, mwen bezwen ou. Mwen bouke ak peche mwen yo. Tanpri, Jezi, lave mwen pwòp epi mwen va vire do bay tout bagay lèd sa yo”. Jezi tande siplikasyon w la. Li lave ou epi li prepare ou pou kay sa ke l ap prepare.

Avan Jezi te kite tè sa, li te di: “Pa kite kè nou twouble; nou kwè nan Bondye, kwè nan mwen tou. Lakay Papa mwen gen anpil demè. Si se pa t sa, mwen ta di nou. Mwen pral pare yon plas pou nou” (Jan 14:1-2) Kay selès sa se yon plas trankil kote ki gen lajwa ak lamou san limit.

Jezi te prepare kay sa tèlman bèl ke li p ap janm kite okenn bagay lèd oubyen peche antre la. Si kè nou tache ak peche lè nou mouri, Jezi p ap kite nou antre.

Kijan sa va ye pou viv ak Jezi? P ap gen doulè ankò, perèz oubyen grangou. P ap gen maladi ankò, lanmò oubyen separasyon ak tris. Men nan plas sa nou va chante epi lwanje Bondye ansanm ak moun ki va sove sou tout latè yo.

Finalman ou lakay ou! Lakay nan syèl ak Jezi Sovè nou!

Your Heavenly Home

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi