Pouvwa tenèb yo

Idantifye taktik Satan yo pa mwayen limyè Pawòl Bondye

Se pa entansyon Labib pou konsantre sou Satan ak travay li yo. Malgre sa, nou jwenn anpil enfòmasyon nan Labib ki ekspoze karaktè ak travay li.

Yon fwa Satan te yon zanj, men li te fè rebèl kont Bondye, kreyatè li, e li te vle vin tankou Bondye. Pratik wayòm tenèb la pa nouvo. Se toujou menm efò yo li fè pandan tout syèk yo pou rivalize kont wayòm Bondye a. Satan ap eseye ofri nou yon lòt mwayen pase sa Bondye ap akonpli pa mwayen Sentespri a.

Nou li nan Egzòd sou pouvwa majisyen Lejip yo ki te eseye fè menm mirak ke Bondye te fè pa mwayen Moyiz. E nan liv Jòb, nou li ke Satan te jalou anpil akòz fidelite Jòb anvè Bondye. Li te sèvi ak mechanste e destriksyon pou eseye fòse Jòb fè peche kont Bondye.

Metòd Satan yo karakterize pa: perèz, menas, pwomès plezi, pouvwa, entimidasyon, ak dout. Kèk premye bagay li prezante nou yo sanble trè enteresan e atiran. Li mande nou, "Èske nou ta renmen konnen fiti a, oubyen gen konesans ke lòt yo pa genyen?" Li kapab ofri remèd ki depase lasyans. Souvan astwoloji oubyen divinò kapab sanble san danje, men pa lontan yo vin melanje ak kèk pawòl ou fòmil majik, e obsèvasyon pou sèten jou espesyal ak perèz pou nimewo malchans. E panse sa yo kòmanse fè nou santi ke gen kèk lespri ki dwe gen respè ak krentif akòz pouvwa yo kapab genyen sou nou. Se konsa Satan pran moun ki enpridan yo nan pyèj, e kenbe yo nan yon perèz konplèt pou limenm ak lespri li yo.

Twòp moun gentan pran nan pyèj akòz kiryozite yo nan kèk bagay ki nan kòmansman te sanble san danje. Tankou nan fè eksperyans ak planchèt Ouija, lekti owoskòp, divinò, ak kèk lòt pratik, konsa yo mete tèt yo nan pozisyon kote movèzespri kapab atake yo.

Plan Satan se pou afebli e totalman detwi lafwa kretyen an nan Bondye. Kretyen an va jwenn viktwa pa lafwa nan Jezi Kris e nan limenm sèl. Yon dezi pou konnen sa ki enkonni ak yon anvi pou pwisans e pwoteksyon kapab pouse yon moun eseye bagay ki nan wayòm Satan yo. Men, yon konfyans senp nan Bondye va mete nou alèz ak sa ki enkonni yo e kreye nan nou yon konfyans konplèt nan pouvwa Kris la.

Tèks konplèt: Pouvwa tenèb yo

Bagay ki kòmanse nan kiryozite oubyen nan fè eksperyans, apre kèk tan konn tounen yon pèlen pou mare yon moun nan perèz; perèz pou sa ki kapab rive, perèz pou pi gwo pouvwa yo, perèz lòt moun, e perèz pou Satan menm. Perèz sa yo anvlope moun nan, ki lese tèt li antre nan kèk pratik ensèten sa yo. Pou reponn ak perèz sa, Satan pran pòz li gen yon remèd. Li ofri plis pouvwa si yon moun va mete tèt li nan sèten seremoni ak kèk lòt pratik. Li di nou kapab lite kont perèz lòt lespri yo pa mwayen yon posesyon oubyen yon pi gwo pouvwa. Se konsa moun nan vin eseye monte nan yon nivo pouvwa pi wo. Olye pou fè moun nan monte nan yon nivo lapè ki pi wo, li fè li tonbe nan yon toubouyon pou desann nan fon dominasyon li. Sekirite Satan pwomèt la enstab, e toujou gen nesesite pou plis pwotèksyon an fas pi gwo pwisans yo nan wayòm mechan an, sa se sistèm satanik la.

Plan Satan se pou li pran plas Bondye. Satan te kreye pou li bay adorasyon, pa pou li resevwa adorasyon. Li pa yon pwisans siprèm; li pa kapab venk Anyo Bondye a; li pa kapab bay sekirite; li pa enterese nan byennèt nou. Malgre sa, li kontinye travay pou egzèse fòs sou moun e pou mete yo anba lòd li. Li eseye kreye mefyans anvè Bondye ak wayòm Li. L ap fè efò pou etabli yon òganizasyon avèk limenm kòm mèt. Sa devlope pa mwayen yon sistèm perèz ak imitasyon pouvwa. Li fè mèvèy jis pou mete krentif nan panse moun (2 Korentyen 11:14,15). Efè sistèm sa se pou detwi lapè ak sekirite nan moun, fwaye yo, ak nan gouvènman yo. Li kaptire moun e menase yo anpil si yo eseye chape.

Satan se ènmi ki pi mal, pi mechan, pi visye, pi terib pase tout ènmi yo ou genyen. Li totalman san onè. Li se yon mantè. Pa gen okenn laverite nan li —"Li se mantè e li se papa manti" (Jan 8:44). Li se yon ansasen epi yon ravajè. Li se reyalizatè tout rayisans e malè. Li mechan nan tout sans, e pa gen anyen byen ki kapab sòti nan li.

Satan se otè tout malè. Pa gen okenn krim oubyen peche ki twò mal ou twò sal pou li. Se limenm ki lakòz tout rayisans, tout krim, tout abi sou pitit ak madanm yo, tout adiksyon dwòg, tout imoralite, tout fwaye ki kraze yo, tout kont, tout maji, ak tout zak malonèt. Li pran plezi nan pwovoke krim pasyonèl ak mechanste, krim kont inosan ki tonbe nan men moun ki deprave e pevèti. Li kriyèl e san mizèrikòd. Soufrans pa enspire okenn konpasyon nan li. Fè san koule ak lanmò se mwayen li itilize pou avantaj li. Li te vini "pou vòlò, touye e detwi" (Jan 10:10).

Destinasyon Satan pou letènite gentan deside. Gen yon letan dife etènèl ki prepare pou limenm ak zanj li yo (Matye 25:41). Li ta renmen pran pi plis moun ke posib pou ale soufri touman sa avèk li. Li konnen li kapab fè sa pandan l ap diminye e detwi lafwa nou nan Bondye. Li ka fè sa pa mwayen yon atak dirèk sou Pawòl Bondye a, oubyen ak ankourajman sibtil ki fè lavi Kretyen an vin tyèd, sitirè, epi toleran.

Genyen delivrans anba grif Satan. Li ta fè nou kwè pa gen chemen pou sòti. Labib di nou Jezi te vini pou delivre prizonye yo. Li te vini pou bay lavi. Jezi se chemen an, laverite a, e lavi a (Jan14:6). Pandan lavi li sou latè, Jezi demontre pwisans Li sou Satan lè li te reziste tantasyon Satan e chase movèzespri yo ak Pawòl Bondye (Matye 4:1-11; Mak 9:25,26). Jezi te pote laviktwa sou pouvwa Satan pa mwayen lanmò Li sou lakwa ak rezirèksyon Li nan lanmò.

Èske nou kapab pwofite laviktwa sa epi triyonfe sou pi gran lènmi nanm nou yo? Premyeman, nou dwe rekonèt nou te gentan kaptire anba men Satan e nou mare nan perèz li. Nou dwe admèt sa se peche e nou va pèdi si nou rete nan eta sa. Lè nou reyalize ke nou pa kapab delivre tèt nou anba grif Satan, nou dwe rele Bondye ak tout kè nou pou mande delivrans. Nou dwe repanti epi kite peche nou yo. Pa lafwa nou dwe aksepte san Jezi Kri pou peye dèt peche nou. Nou dwe rann tèt nou bay Bondye, aksepte padon li e obeyi Pawòl li fidèlman. Lè nou aksepte kondisyon sa yo, li bay nou lapè avèk li. Li kalme enkyetid ki nan kè nou e padone peche nou yo. Li ban nou yon nou o nati e fè nou devni youn nan pitit li yo. Se sa ki rele nouvo nesans la. Nenpòt moun ki reziste apèl Bondye toujou nan wayòm Satan an. Twonpè a va mennen moun sa avèk li nan touman etènèl la.

Si ou pa konprann plan Bondye te fè pou ou, se pou ou etidye Pawòl Bondye, lapriyè li avèk yon kè onèt, e li va montre ou wout la. Bondye ap rele ou vin jwenn li e li vle pou ou sove anba esklavaj Satan. Bondye beni ou. Li Sòm 91.

Lekti adisyonèl:

Lik 11:20-23 ...... Youn ki pi fò pase Satan
Women 6:20-23 ...... Delivre anba peche
Ezayi 61:1 ...... Libète pou prizonye yo
Women 8:1-2 ...... Delivre anba kondanasyon

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi