Apre lanmò?

Nan moman sa ou vivan, w ap respire, w ap fè mouvman oubyen w ap travay. Ou kapab ap viv nan konfò oubyen w ap viv nan mizè. Solèy la leve, e li kouche; yon kote gen yon timoun k ap fèt; men tou yon lòt kote, toujou gen yon moun k ap mouri.

TOUT LAVI A SE SÈLMAN YON
ARANJMAN TANPORÈ.
MEN
KI KOTE OU PRALE APRE LANMÒ

Menm si ou relijye,
oubyen senpleman ou pa kwè nan okenn relijyon,
ou toujou bezwen reponn kesyon trèz enpòtan sa a,
paske apre yon lavi brèf sou latè, lòm prale
nan destinasyon etènèl li. (Eklezyas 12:5).

Men ki kote?

Simityè kote ou va antere a pa kapab antere nanm ou. Menm si kò ou boule tounen sann nan ensineratè, li pa ka detwi nanm ou. Menm si ou mouri nan fon lanmè, nanm ou pa kapab nwaye.

NANM OU P AP JANM MOURI!

Tèks konplèt: Apre lanmò?

BONDYE SYÈL AK TÈ A
TE DI: "TOUT NANM SE POU MWEN."

 Yon kote apre lavi sa, nanm ou, vrè oumenm nan, pral rankontre zèv ou te fè pandan kò ou te vivan (nan lavi sa), kit yo te byen kit yo te mal. Referans Ebre 9:27.

Ou kapab adore sensèman.
Ou kapab santi ou regrèt pou move zèv ou yo.
Ou kapab menm remèt sa ou te vòlè a.
Asireman tout bagay sa yo nesesè.

 MEN
Ou pa kapab peye pwòp peche ou yo.

 Bondye nan syèl la, gran jij sou tout latè a, konnen lavi ou ak peche ou yo - anyen pa kache devan li. Oumenm ak peche ou yo p ap ka antre nan lajwa ak lagwa syèl la.

Men, menm Bondye ki nan syèl la se yon Bondye amou. Li te fè yon fason pou sove lavi ou ak nanm ou. Li pa nesesè pou ale nan destriksyon etènèl ak dife lanfè a. Bondye te voye Jezi nan lemonn sa pou sove nanm ou. Jezi te pran peche ou yo sou do li, lè li te soufri epi mouri sou lakwa Kalvè a. Bondye te bay pi bon sakrifis syèl la te genyen pou peche ou yo. “Men, li te blese pou peche nou yo, li te kraze pou inikite nou yo. e grasa blesi li yo nou geri” (Ezayi 53:5). Pawòl sa yo te pwofetize sou Jezi anpil ane avan li te vin sou latè.

Èske ou va kwè ke Jezi renmen w? Èske ou va priye epi konfese peche ou yo ba li? Èske ou va repanti epi kwè nan Jezi, Pitit Bondye vivan an? Nan yon angajman total avèk li, li va ba ou lapè nan nanm ou epi ba ou yon lavi gloriye apre lanmò. Se sèlman konsa ou kapab asire ou yon kay etènèl ki gen anpil lajwa ak konfò pou nanm ou.

Fon malè ak dife san fen ap ret tann moun yo, nan lavi sa ki te rejte amou redanmtè Jezi a. P ap gen repanti ni sove apre lanmò. "Apre sa li va di sa ki agòch yo: Rale kò nou sou mwen, modi, al nan dife ki p ap janm fini an, ki pare pou dyab la ak zanj li yo" (Matye 25:41). “E sèvitè initil la, jete l nan tenèb deyò, kote va gen kriye avèk graje dan.” (Matye 25:30).

Bondye, nan Labib, avèti nou sou jijman final k ap vini sou tout latè. E nan Ekriti Sen sa yo, li pwofetize ke avan Jou remakab Jijman sa a, va gen siy klè e vizib.

Avan li vini, va gen lagè ak rimè lagè, detrès ak konfizyon pami nasyon yo. Nasyon va goumen youn ak lòt e yo p ap jwenn okenn fason pou yo rezoud diferans atitid ak opinyon yo.

Pral gen tranbleman tè ak epidemi nan divès kote. Labib di nou moun mechan yo va vin pi mal. An menm tan, yo p ap koute avètisman an, men yo va renmen plezi plis pase Bondye. Èske nou pa temwen akonplisman pwofesi sa yo jodiya? Gade Matye 24:6-7, 12 ak 2 Timote 3:4.

Nou dwe sonje ke gran jij jis nou an p ap enfliyanse pa richès ak povrete nou, renome nou, wont nou, koulè nou, ras nou, klas sosyal nou ak kwayans nou. Yon jou nou va kanpe devan Gran Kreyatè ak Granmèt nou an pou jije daprè zèv nou yo. Li Matye 25:32-33.

Nan letènite enfini k ap vini an p ap gen revèy, pa gen kalandriye anyèl, epi syèk yo p ap kontwole. Lafimen touman pechè yo ak mechan yo va monte pou toutan e pou toutan, pandan menm tan sa lajwa, chan, benediksyon ak konfò moun ki delivre yo va san limit nan syèl la. Fè chwa ou kounyeya! Pita li kapab twò ta. "Gade, kounyeya se jou delivrans la" (2 Korentyen 6:2, Matye 11:28-30).

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi