Krisyanis—Kisa Sa Ye?

Cross of Christ

Krisyanis baze sou Bondye, Pitit li Jezi Kri, e sou Labib, ki se Pawòl Bondye. Yon Kretyen se yon moun ki kwè nan Labib e ki viv daprè ansèyman Jezi Kri. Yon lavi konsa plen ak lapè e kontantman sou tè sa e li prepare nou pou yon plas nan syèl la.

Bondye Papa a

Labib anseye nou gen yon sèl Bondye ki te toujou egziste e ki va toujou egziste. Bondye konnen tout bagay epi sajès ak konnesans li san limit. Labib di nan Pwovèb 15:3, “Je LETÈNÈL toupatou, l ap gade sa ki mal ak sa ki bon.” Li prezan tout kote e li kapab bay tout atansyon Li ak tout moun nan lemonn antye nan menm moman. Nou kapab priye Bondye nenpòt kote e nenpòt lè. Li tande priyè nou yo e li va reponn jan li wè k ap pi bon. Gen yon sèl Bondye, men Li manifèste an twa pèsonn: Bondye Papa a, Bondye Pitit la, e Bondye Sentespri a. Touletwa diferan, men yo travay ansanm nan amoni paske yo fè yon sèl.

Kreyasyon an e lè lòm te tonbe

Bondye te kreye lemonn ak tout bagay ki ladann. Nan senk jou Bondye te kreye solèy la, lalin nan, zetwal yo, tè a, dlo a, zwazo yo, ak pwason yo. Nan sizyèm jou a Bondye te kreye tout bèt sou tè a, apre sa li te kreye lòm nan pwòp imaj li. Lòm se kouwòn kreyasyon Bondye a e li se espresyon amou li. Bondye te kreye Adan, premye nonm nan, pi e san peche. Bondye te vle lòm sèvi li ak chwa pesonèl li. Li te bay Adan ak Èv, madanm li, yon sèl komandman senp, men yo te chwazi dezobeyi li. Poutèt peche yo, yo te separe ak Bondye. Dezobeyisans yo te lakòz tout moun tonbe anba madichon peche ak lanmò. Se sèlman Bondye ki ta kapab rachte lezòm. Poutèt amou li, “ke li bay sèl Pitit li a, pou nenpòt moun ki kwè nan li pa peri, men pou li genyen lavi etènèl” (Jan 3:16).

Bondye Pitit la

 
Tèks konplèt: Krisyanis—Kisa Sa Ye?

Jezi Kri se Pitit Bondye. Li te vin sou latè kòm yon bebe, manman Li te yon vyèj ki te ansent pa mwayen pwisans Sentespri a. Jezi te viv tankou yon nonm senp. Dyab la te tante Li nan anpil fason menm jan ak nou, men Li pa t janm fè peche. Jezi te mache ap fè bon zèv, Li te geri anpil moun ak divès maladi. Li te anseye yo sou sali ak amou Papa li. Rezon Li te vin sou latè se te pou bay tèt Li kòm yon sakrifis pou tout peche lemonn yo. Pandan Jezi t ap preche kont peche ak egoyis, lidè relijye yo te vin fache kont Li. Yo te livre Li bay otorite gouvènman yo ki te krisifye Li. Apre lanmò Li sou lakwa a, disip Li yo te antere Li nan yon tonm. Sou twazyèm jou a, pa mwayen pwisans Bondye, Jezi te resisite nan lanmò. Avan li te retounen nan syèl la, Li te anseye disip li yo kijan pou etabli wayòm Bondye a.

Bondye Sentespri a

Sentespri a se twazyèm pèsonn nan Bondye. Li montre lèzòm volonte Bondye. Li konvenk moun yo pou kite idolatri ak peche yo. Li envite tout moun aksepte sakrifis Jezi Kri kòm yon peman pou peche yo. Pou sa yo ki kwè nan Senyè Jezi Kri, Bondye bay yo kado Sentespri a. Li se yon konseyè nan tout difikilte lavi yo, yon konsolatè nan tout tribilasyon yo. Li konvenk moun pou kite enjistis yo, e li gide yo nan tout laverite.

Labib

Labib se Pawòl Bondye e mesaj li pou lèzòm. Se pa lòm ki te fè liv sa, men se ansyen moun sen yo ki te ekri li pa mwayen enspirasyon Sentespri a. Labib esplike nou jan lemonn ak lòm te kreye. Li di nou ke tout lèzòm fè peche, e peche separe lòm ak Bondye. Li esplike plan redanmsyon an ki kapab libere tout moun anba esklavaj peche. Labib anseye nou kijan pou viv yon lavi sen e kijan pou prepare pou letènite.

Lavi kretyen an

Pou vin yon Kretyen, nou dwe rekonèt kondisyon peche nou yo. Nou dwe konfese peche nou epi aksepte Senyè Jezi Kri kòm Sovè nou. Lè nou soumèt lavi nou bay Bondye, li ranpli nou ak Sentespri a. Pwisans Sentespri a nan kè nou ede nou renmen epi padone lòt yo. Yon Kretyen va eseye kenbe kè li pi e viv nan onètete ak laverite. Lè nou tonbe, Labib pwomèt nou ke “Si nou konfese peche nou yo, li fidèl e jis pou padone peche nou yo e pou netwaye nou wete tout inikite” (1 Jan 1:9).

Apre lavi

Labib anseye nou sou de destinasyon etènèl pou nanm nan, syèl oubyen lanfè. Lè nou mouri, nanm nan sòti nan kò a pou tann denye jijman Bondye a. Nan jijman an, moun ki sove yo va jwenn envitasyon pou antre nan syèl la. Tout moun ki te rejte Bondye va ale nan lanfè. Lanfè se yon kote ki terib. Se yon fon dife san fen ki prepare pou dyab la ak zanj li yo. Tout moun ki pa t obeyi vwa Jezi e ki te viv volontèman nan peche, va boule san espwa pou tout letènite.

Syèl la se abitasyon Bondye. Se pi bèl kote Bondye te prepare ki plen ak lapè pafèt e repo. Nan syèl la p ap gen ni tristès ni doulè, ni grangou ni maladi. Se abitasyon tout moun ki te repanti de peche yo e ki te aksepte Jezi kòm Sovè yo. La a moun ki sove va chante e louwe Bondye pou letènite. 

 

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi