Yon Liv Pou Ou

The Holy Bible

Èske ou konnen gen yon liv ki esplike jan lemonn te kòmanse? Premye pawòl nan liv sa di, “Nan kòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” Apre pawòl sa yo, liv la di nou kijan lemonn te kreye, e kijan premye gason ak fanm nan te viv sou latè. Liv sa pa sèlman esplike nou sou kòmansman tan an, men li esplike nou sou tout sa ki va rive lè lavi sa fini. Nan tout liv sa, nou li kijan nou dwe viv pou nou prepare pou lavi apre lanmò.

Writing the Bible.

Sa se yon ansyen liv ke anviwon 40 ekriven diferan te ekri, nan yon peryòd anviwon 1500 ane. Yo te ekri sa Bondye te di yo ekri. Bondye te pale ekrivenyo de tèt Li. Ekriven Jenèz, premye liv la, te ekri sou kreyasyon an epi inondasyon an ki te kouvri latè. Li menm ak lòt ekriven yo te ekri sou pèp Bondye te chwazi a epi jan li te gide yo pandan syèk yo. Bondye te enspire plizyè moun pou ekri istwa, powezi, pwofesi, epi sou pwomès Li yo. Paske Bondye te enspire ekriti sa a, li pa gen non pèsonn sou kouvèti li. Konsa li rele Labib, ki vle di “liv la.” Souvan nou rele li Labib Sen An, ki vle di “liv ki sen an.”

Tèks konplèt: Yon Liv Pou Ou

Labib se liv la ki distribye pi plis nan lemonn nan. Malgre gen kèk epòk moun te eseye detwi li, men Bondye te toujou prezève li, e Li va toujou prezève l. “Pawòl Senyè a demere pou toujou” (1 Pyè 1:25). Labib konpoze ak 66 liv. Li divize nan de pati: Ansyen Testaman ak Nouvo Testaman. Ansyen Testaman rakonte istwa lemonn e jan Bondye te pwomèt li ta voye Pitit li Jezi sou latè pou sove nou nan peche. Nouvo Testaman rakonte nou kijan Jezi, Pitit Bondye a, te vini sou la a. Li pale nou jan Jezi te fèt kòm yon ti bebe. Li rakonte anpil evènman nan lavi Jezi, e anpil mirak ke Jezi te fè. Labib montre nou nan tout bagay Jezi se egzanp pafèt nou. Lè Jezi te pale, moun yo te koute ansèyman li yo. Nou ka li ansèyman sa yo nan liv nou rele Levanjil yo.

Liv levanjil Jan te ekri a genyen anpil nan pawòl Jezi yo. Li te di moun yo ke Bondye se Papa li. Li te anseye ke Bondye renmen tout moun nan lemonn. Jan 3:16 di, “Paske Bondye tèlman renmen lemonn ke li bay sèl Pitit li a, pou nenpòt moun ki kwè nan li pa peri, men pou li genyen lavi etènèl.” Epi tou nou li jan Jezi te soufri e mouri pou peye dèt peche nou yo, e li te resisite nan lanmò pou viv pou toujou. Jezi di nou, nou kapab jwenn padon pou peche nou yo si nou kwè nan Li. Paske liv levanjil Jan an gen anpil pawòl Jezi epi li fasil pou konprann, se youn nan premye liv nan Labib nou dwe li.

Èske pafwa ou konn mande kisa ki pral rive apre lavi fini? Labib fè nou konnen ke yon jou Jezi va retounen pou jije tout moun. Nou ka li kijan pou nou prepare pou tan sa a. Jezi di nou Li te ale prepare yon plas nan syèl la pou tout moun ki va aksepte Li.

Nan Labib nou jwenn repons pou kesyon difisil yo nan lavi a. Ki kote nou sòti? Poukisa nou la? Ki kote nou prale lè nou mouri? Kesyon sa yo ak anpil lòt jwenn repons yo nan Labib. Lè lavi a parèt annwiyan e san objèktif, nou kapab li nan Labib kote Bondye di, “Mwen va enstwi ou e mwen va montre ou chemen ou dwe pran; Mwen va ba ou konsèy, mwen va mete je m sou ou” (Sòm 32:8). Lè yon moun ki pwòch nou mouri, nou kapab ale nan Labib pou jwenn konsolasyon Bondye. Li sèvi ak Labib jodiya pou pale ak nou.

Reading the Bible to children.

Pafwa nou li yon liv e nou mande eske li vre. Nou konnen Labib vre paske se pawòl Bondye a. Genyen plizyè santèn vèsè nan Labib ki gen mo sa yo, “Men sa Letènèl di.” Gen anpil pwofesi ki te ekri e apre sa yo te akonpli egzakteman jan yo te pwofetize a. Jezi te pwomèt l ap bay moun ki vin jwenn li lapè ak lajwa. Anpil moun gentan fè eksperyans sa a. Nan amou Bondye pou lèzòm, Li ofri tout moun Pawòl Li. Labib pale lang kè nou.

Li Labib jodiya!

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi