Lamou Jezi

“Yo pote kèk timoun bay Jezi, pou li touche yo. Men disip yo te repwoche moun yo ki te prezante yo. Lè Jezi wè sa, sa te endiye l, li di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen, e pa anpeche yo; paske wayòm Bondye a se pou moun ki sanble avèk yo. Mwen di nou sa an verite, nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun p ap antre ladan li. Epi li pran timoun yo nan bra li, li etann men li sou yo, e li beni yo” (Mak 10:13-16).

Jezi renmen tout ti gason ak tifi nan tout kote, e li pran swen yo tou. Li vle vin rete nan kè nou. Li gen yon plan pou nou chak e li vle gide lavi nou.

Gen yon fwa, pandan Jezi t ap pale ak zanmi li, li te anseye ke gason yo ak fi yo pi enpòtan pou Bondye pase flè yo ak zwazo yo.

Zwazo yo pa plante semans e yo pa kenbe manje nan grenye. Bondye bay yo manje. Li ede yo jwenn ti bèt ak grenn pou manje. Flè yo viv pou sèlman kèk jou. Bondye bay yo bèl fòm ak koulè. Ou pi enpòtan anpil devan Bondye pase sa yo. Alò si Bondye pran swen zwazo yo ak flè yo, setènman li va pran swen tout gason ak fi yo. Gade Matye 6:25-33.

Li ba ou manje ak rad epi li ede ou fè sa ki dwat e bon. Ou dwe mete konfyans nan li, paske li konnen sa ki pi bon pou ou. Li se yon Bondye amou ki vle ede tout sa yo ki nan nesesite. Nan pwoblèm, maladi, oubyen tristès, li va ede ou. Labib di, “Si nou mande kichòy selon volonte li, Li koute nou” (1 Jan 5:14).

Tèks konplèt: Lamou Jezi

Yon papa te gen de pitit gason. Sa k pi jenn nan te di, “Ban mwen pa m nan byen ki dwe vin pou mwen yo.” Li te ranmase li e li pati pou yon peyi lwen. Limenm ak zanmi li yo te gaspiye tout byen yo nan lavi debòch. Nan yon ti tan, tout lajan te depanse. Lè sa zanmi li te kite li pou kont li.

Yon nonm te bay li travay okipe kochon, men li pa t gen anyen pou manje. Li te grangou anpil!

Li te reflechi konsa, “Sèvitè papa m yo gen anpil manje. Mwen va retounen lakay, e mwen va di papa m, `Mwen te fè peche. Mwen pa merite pou ou rele m pitit ou. Èske mwen ka travay pou ou kòm yo sèvitè?`” se konsa, gason an te pran wout pou lakay li.

Papa li t ap tann e veye pitit gason li. Li te sonje li anpil! Lè li wè pitit li ap vini, li kouri al anbrase l e li te bo l.

Pitit la te di, “Papa, mwen te fè peche. Mwen pa merite pou ou rele m pitit ou. Tanpri kite m rete ak ou kòm yon sèvitè.”

Men Papa a te gentan padone li. Li di sèvitè li yo, “Pote pi bèl rad la ak soulye pou mete sou li. Touye yon jenn bèf, e nou va fete ansanm. Paske pitit mwen an te mouri, e li tounen nan lavi, li te pèdi, e mwen jwenn li ankò.” Gade Lik 15:11-24.

Istwa sa montre nou kijan Jezi renmen tout pechè yo. Labib di, “gen kontantman devan zanj Bondye yo pou yon sèl pechè ki repanti” (Lik 15:10).

Labib bay nou yon lòt istwa ki montre nou kijan Bondye renmen tout moun.

Yon jou yon nonm t ap mache nan yon wout dezole. Li kontre ak kèk vòlè. Yo te kenbe li e bat li. Yo te pran rad li ak lajan li. Apre sa yo te kouri. Nonm nan te blese grav. Li pa t ka kanpe.

Yon prèt te pase sou wout sa e li te wè nonm nan ki te blese, men li pa t ede li. Li te prese pase sou lòt bò wout la.

Yon Levit te pase sou wout sa e li te wè nonm nan ki te blese tou, e li te kanpe pou gade li, men li pa t ede l non plis. Li te pase sou lòt bò wout la tou.

Yon Samariten te vini sou bourik li. Lè li te wè nonm nan ki te blese, li te desann pou wè si li te ka ede li. Li te lave blesi li yo ak lwil e li te bande yo. Li te mete nonm nan sou bourik li e li te mennen li nan yon otèl.

Nan demen maten, Samariten an te di mèt otèl la, “Pran swen nonm sa jouk li geri. Men lajan pou depans yo. Si sa pa sifi, mwen va bay ou plis lè mwen pase la ankò.” Gade Lik 10:30-35.

Jezi vle nou aji ak amou e jantiyès pou sa yo ki nan nesesite. Lè amou Jezi rete nan kè nou, nou p ap fè okenn bagay ak ògèy epi egoyis. Men nan imilite nou va gade lòt moun pi enpòtan pase tèt pa nou. Nou p ap sèlman gade sou afè pa nou, men nou va eseye reflechi e konprann jan lòt moun santi tou. Labib di, “Ak lamou, se pou nou youn sèvitè lòt” (Galat 5:13).

Se pou nou renmen ènmi nou yo e padone sa yo ki fè nou mal. Nou pa janm dwe rann mal pou mal.

Lè nou gen lamou Jezi nan kè nou, nou va aji byen ak zanmi nou yo, nou va obeyi paran nou yo, e nou va kontan pou rakonte lòt moun sa Jezi te fè pou nou.

Jezi tèlman renmen nou ke li te mouri sou lakwa pou peche nou yo. Poutèt sa nou dwe tèlman renmen li ke nou bay li kè nou ak lavi nou.

“Nou renmen Li, paske Li te renmen nou an premye” (1 Jan 4:19).

Bondye se Papa Lamou

Pa Mabel Niedermeyer epi George F. Root

1. Bondye se Papa Lamou
Pou timoun tout kote
Nan nenpòt peyi nan lemonn
Li pran swen yo toupatou.

 

2. Li renmen tout moun nan peyi lwen
Menm si mwen p ap janm wè yo
Li renmen tout moun yo tou
Ki rete tou pre mwen.

 

Mwen kontan Bondye se Papa
Pou timoun tout kote,
E nou tout ka renmen Li
E pale ak Li nan lapriyè.

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi