Lespri anpè nan yon monn twouble

Peace

“Lapè, ki kote lapè ye—pou nasyon nou, fwaye nou, e sitou pou kè nou ak lespri nou?” Kri ijan sa a te la nan tout syèk yo. Èske ou gen kri sa nan kè ou tou?

Lemonn chaje ak pwoblèm e enkyetid. San dout, nou bezwen direksyon ak konsèy, sekirite ak konfyans. Nou bezwen e nou dezire yon lespri anpè.

Lespri anpè—ala yon trezò! Èske nou ka jwenn trezò sa nan yon monn ki plen konfli, dezespwa, boulvès ak twoub?

Tèks konplèt: Lespri anpè nan yon monn twouble

Ala chache moun ap chache! Anpil moun ap chache lapè nan richès ak renome, nan plezi ak pouvwa, nan edikasyon ak konesans, nan relasyon yo ak maryaj. Yo chache ranpli tèt yo ak konesans e valiz yo ak lajan, men nanm yo rete vid. Gen lòt moun ki eseye chape reyalite lavi ak dwòg epi alkòl, men yo pa jwenn lapè ladann. Kè yo toujou rete vid e chagren, yo toujou nan yon monn twouble ak yon lespri twouble.

Lezòm nan boulvès

Bondye te kreye lòm e Li te mete l nan yon bèl jaden pou li jwi lapè, lajwa, epi kontantman ki pafèt. Men lè Adan ak Èv te dezobeyi Bondye, touswit yo te santi yo koupab. Avan sa, yo te dezire prezans Bondye, men apre, yo te kache poutèt lawont. Wonte ak perèz te ranplase lapè ak kontantman nan kè yo. Se peche lòm ki te kòmanse yon monn twouble—epi yon lespri twouble.

Malgre nanm nou dezire Bondye, nati peche nou revolte kont volonte li. Batay enteryè sa lakòz tansyon ak detrès nan kè nou. Menm jan ak Adan e Èv, lè nou viv dapre pwòp dezi ak anbisyon nou yo, nou vin chaje ak enkyetid epi dout. Toutan nou mete plis enpòtans sou pwòp tèt pa nou, se konsa nou vin gen plis boulvès. Ensètitid yo nan lavi, chanjman yo, ak degradasyon lemonn nan va souke sekirite nou e deranje lapè nou.

Malgre ou pa fin rekonèt sa, li posib ke se peche ki lakòz enkyetid ou. Anpil moun eseye jwenn lapè pami bagay materyèl lemonn yo. Yo mete blam pou lespri twouble yo sou lemonn boulvèse a, men yo pa vle gade andan pwòp kè yo.

Jezi Kri, prens lapè

Nou pa ka gen lapè jiskaske tout aspè lavi nou nan amoni ak Sila a ki te fè nou e ki konprann nou. Amoni sa a sèlman posib lè nou soumèt konplètman devan Jezi Kri. Nonsèlman li se mèt tout latè a, men li konnen tout lavi nou depi kòmansman rive fen an. Li t ap panse sou nou lè li te vin nan lemonn “pou li klere moun ki chita nan nwa e nan lonbraj lanmò, pou li kondwi pye nou nan chemen lapè” (Lik 1:79).

Jezi ofri limyè nan plas fènwa, lapè nan plas konfli, lajwa nan plas tristès, espwa nan plas dezespwa, epi lavi nan plas lanmò. Li di nan Jan 14:27, “Mwen kite lapè avèk nou; m a ban nou lapè mwen. . . Pa kite kè nou twouble, ni pa genyen lakrent.”

Repantans pote lapè pou lespri nou

Lè ou santi chay peche a byen lou sou do w, remèd la se “Repanti nou. . . e konvèti nou, pou peche nou kapab efase” (Travay Apòt 3:19). Jezi envite ou nan eksperyans rich sa ki chanje lavi ou konplètman. “Vin jwenn mwen, nou tout ki fatige e ki chaje, e m a ban nou repo” (Matye 11:28). 1 Jan 1:9 di nou, “Si nou konfese peche nou yo, li fidèl e jis pou padone peche nou yo e pou netwaye nou wete tout inikite.” Èske ou va aksepte envitasyon li?

Lè ou vin jwenn Jezi, ou va jwenn padon ak libète. Olye de rankinn ak rayisans, kè ou va ranpli ak amou e mizèrikòd. Lè Jezi ap renye nan kè ou, ou va renmen tout ènmi ou yo. Sa posib gras ak pwisans san Kris Redanmtè a.

Lapè ki demere

Kòm kretyen, lafwa nan Bondye ak konfyans nan swen li se medikaman kont perèz ak enkyetid. Ala yon lapè ou va jwenn lè ou mete konfyans nan yon Bondye ki pa janm chanje e ki egziste depi letènite pou letènite. Li renmen nou epi li va toujou pran swen nou. Poukisa nou ta enkyete e doute? Se pou nou aprann fè sa nou li nan 1 Pyè 5:7: “Lage tout tèt chaje ou sou li, paske se li menm ki pran swen ou.” Nou gen pwomès sa tou: “Ou ap ba yo kè poze. . .  paske yo mete konfyans yo nan ou” (Ezayi 26:3).

Avèk Jezi Kri nan kè ou, rechèch pou lapè a fini. Li va ba ou lapè ak yon repo ki sèlman sòti nan konfyans nan li. E ou va di ansanm ak powèt la:

Mwen konnen lapè, kote pa gen lapè
Yon kalm, kote van yo soufle,
Yon plas sekrè, kote fas a fas
Ak Mèt la mwen kapab ale.

-Ralph Spaulding Cushman

Ou va gen yon lespri anpè nan yon monn twouble! Ouvri pòt kè ou bay Kris—kounye a, epi yon jou li va ouvri pòt syèl la pou ou, kote lapè pafèt va renye pou toutan.

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi