Traka kòmanse

Traka ak pwoblèm yo tout kote. Maladi, tristès, ak anpil lòt bagay mal fè pati lavi a. Ki kote tout bagay sa te kòmanse? Eske li te konsa depi lontan? Labib, pawòl Bondye a, gen tout repons pou kesyon sa yo.

Premye de chapit nan Labib la pale nou de yon bèl jaden ki rele Edenn. Bondye te kreye jaden sa pou Adan e Èv. Li te fè l pou abitasyon yo. Bondye te fè Adan e Èv pafèt e san peche

 Edenn te yon plas lapè e kontantman. Plas sa pa t gen pwoblèm ou maladi. Se te vrèman yon bèl kote pou yo rete. Li te bay yo tout bon bagay nan jaden sa pou yo manje. Nan mitan jaden an li te plante yon pyebwa ki rele pyebwa kònesans byen ak mal la. Bondye te fè yo konnen yo ta mouri si yo ta manje fwi sou pyebwa sa.

Tèks konplèt: Traka kòmanse

Trankilite nan jaden pa t dire. Yon jou Satan, lènmi Bondye, te vin bò kote Èv nan fòm yon sèpan. Li te mande Èv si Bondye te di pou yo pa manje fwi sou pyebwa ki nan mitan jaden an. Èv te reponn, “Wi, Bondye te fè nou konnen nou ta mouri si nou manje ladan l. Sèpan te di yo, “Nou pa p mouri lè nou manje fwi sa, n a vin tankou dye yo, pou nou ka konn sa ki byen ak sa ki mal. Lè Èv te gade fwi pyebwa sa, li lonje men li, li pran

 Fwi sa te gen bon gou epi li te pataje li avèk Adan. Se konsa, menm lè te vin yo manje l, yo te santi mal, yo te kòmanse pè Bondye. Lè Bondye vin pwoche kote yo pou pale avèk yo, yo kache poutèt yo wont peche yo. Bondye te mande yo si yo te dezobeyi kòmandman li, e li te esplike yo sou pwoblèm yo pral jwenn akòz sa. Traka te antre lemonn poutèt dezobeyisans yo. Kounyeya, maladi epi lanmò pral egziste pami tout moun sou latè.

Lè Bondye te di yo ke yo pral mouri si yo dezobeyi li, li te pale sou lanmò fizik e espirityèl. Avan dezobeyisans sa, yo te pi nan kè yo, e san peche. Apre yo fin dezobeyi l, kè yo avili e yo pechè nan je Bondye. Depi lè sa, lanmò espirityèl sa vin tonbe sou chak moun ki fèt. Nati lòm te chanje. Kòm li te pi e san peche, kounyeya li egoyis epi plen peche.

Labib te di nou nan Sòm 14:3 ke pa gen moun ki fè byen. Nan Nouvo Testaman, nou konn li ke pa gen okenn byen nan nati peche nou. Pafwa nou vle fè byen, men nou fè mal. Pafwa tou nou konnen nou pa gen dwa fè mal, men nou manke pouvwa pou nou fè sa ki byen. Se poutèt nati peche nou. (Women 7:18-20)

Jodiya anpil moun yo pa kontan poutèt nati peche yo. Nan egoyis yo, yo vle fè sa yo vle. Plizyè konn bay manti, epi fè vòlè. Gen pami yo ki rankin, nan ofans, e nan rayisman paske yo pa ka padone. Anpil fanmi yo pa fonksyone poutèt egoyis e peche. Eske ou kapab rekonèt sa nan lavi w? Eske ou kapab idantifye ak pwoblèm sa yo? Eske ou gen pwoblèm sa yo?

Sitiyasyon sa pa san espwa. Bondye vrèman gen yon plan mèveye pou nou! Paske Bondye renmen nou, li te voye pitit li, Jezi Kri, pou li mouri sou lakwa pou nou. Konsa li te pran pinisyon pou peche nou (Jan 3:16). Pa mwayen pouvwa Bondye, Jezi te venkè sou lanmò e li te leve nan kavo a. Paske lanmò pa t ka kenbe l, nou menm tou, nou kapab gen viktwa sou nati peche nou si nou aksepte sakrifis li pou peche nou.

Nou oblije soumèt tout lavi nou bay Bondye, tout dezi nou, tout bezwen nou, e mande li padone peche nou yo. Nan lè sa, l ap padone nou e nou va vin yon moun nouvo! (2 Korentyen 5:17)

Kè nou, nan nouvo kondisyon sa, va vizib nan abitid epi tout chwa nou yo. Avan Bondye te padone nou, nou te separe avèk li. Kounyeya nou se pitit li. Labib gen yon bèl fason pou di nou sa. “Gras a yo, li fè nou kado pwomès yo ki gran alekstrèm e ki gen gran valè pou ou kapab devni patisipan nan nati Bondye pa mwayen yo, pandan w ap kouri pou koripsyon ki genyen nan lemonn akòz vye dezi.” (2 Pyè 1:4) Lè Jezi ap padone peche nou yo, l ap bay nou yon kè tou nèf. (Eze 36:26) Nati divin sa, gen lamou, lajwa, e lapè ke Bondye mete nan kè nou.

Kounyeya, jan nou gade lavi nou se pa menm ankò! Kounyeya nou fè chwa pou nou viv pou Jezi, epi peche pa p domine lavi nou. Bondye ap ede nou renmen moun yo ki konn maltrete nou, padone sa yo ki fè nou mal, epi gen pouvwa pou nou ka fè moun byen, e gen lamou ak pasyans. Fwaye yo ki pa t kontan, kounyeya yo plen lajwa e satisfaksyon.

Chanjman sa pa vle di nou pa janm fè erè, men nou ka mete yo devan Bondye pou li ka padone nou. L ap ba nou pouvwa pou nou ka reziste tantasyon epi gen pouvwa sou peche yo. Nou va mete bezwen lòt moun yo devan dezi pa nou yo.

Premye, plan Bondye, lè li te voye Jezi nan lemonn se pou li te mouri epi leve ankò, te pou sove nou. Apre sa, se te pou bay nou pouvwa pou nou viv nan lajwa e kontantman e pou nou ka rann lòt moun sèvis.  

Li Labib ou jodiya.

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi