Plan mèveye Bondye pou sali a

Limyè lemonn nan

Labib se pawòl Bondye, laverite etènèl la. Li genyen istwa kreyasyon an, dezobeyisans lezòm anvè Bondye, ak malè ki te rive lezòm akòz peche. Li pale nou tou sou lamou Bondye genyen pou lezòm lè li fè yon plan pou rachte l. Li pale de yon Sovè ki te fèt, ki te mouri pou peche lezòm, e ki te leve sòti vivan nan lanmò pou delivrans lezòm. Nenpòt moun ki kwè mesaj li a va jwi eksperyans padon peche yo, lapè nan lespri, lamou pou tout moun, pouvwa sou peche, ak yon esperans vivan lavi etènèl la.

Mèveye kreyasyon Bondye a

Bondye, kreyatè linivè a, te toujou la. Li tout kote; Li toupwisan e li gen tout sajès. Se avèk gran pouvwa li, tout bagay te kreye. Bondye te kreye tè sa kouvri ak dlo, apre sa, li te di “Se pou tè sèk la parèt,” epi sa te rive. Li te kreye mòn yo ak vale yo, li kouvri yo ak zèb, bèl flè ak tout kalite pyebwa. Li te kreye zwazo yo k ap chante anpil chan diferan. Bondye te kreye tout bèt yo, gwo e piti, k ap mache nan jaden ak nan forè yo, ansanm ak ti ensèk e reptil yo ki rete sou tè a. Li te kreye letan yo ak lanmè yo ak tout bèt ki abite nan yo. Li te kreye kontinan kote moun tout ras kapab viv. Bondye kreye solèy la pou bay limyè ak chalè e lalin nan pou limen lannwit. Li te dekore syèl la ak plizyè milye bèl zetwal k ap klere. Finalman, Bondye te fòme lòm ak pousyè tè a. Li soufle nan twou nen li souf lavi a, epi nonm nan te vin yon nanm vivan. Bondye te rele li Adan.

Bondye te wè ke Adan te bezwen èd, se konsa li te fè yon gran somèy pran Adan. Apre sa, Bondye pran yon zo kòt nan Adan, epi li fòme yon fanm. Adan te renmen Èv e Èv te renmen l tou. Yo te gen bon relasyon youn ak lòt. Se te plan Bondye pou fanmi an.

Bondye te kreye tout bagay nan sis jou, epi sou setyèm jou a li te repoze. Li te gade tout sa li te fè epi li te wè li trè bon. Se konsa, Bondye beni setyèm jou a, li te mete l apa kòm yon jou repo pou lòm.

Tèks konplèt: Plan mèveye Bondye pou sali a

Labib pale de yon zanj rebèl yo rele Satan, oubyen dyab la. Yo te chase l sòti nan syèl la epi li se kòz tout sa ki mal. Akòz li, lapenn, soufrans, maladi ak lanmò te vin sou latè.

Kòmansman peche a

Bondye te renmen Adan ak Èv. Li te fè yon bèl jaden pou yo rete. Li te rele jaden sa Edenn. Adan te dwe pran swen li. Nan jaden sa, te gen anpil kalite legim ak fwi pou yo manje. Te gen yon pyebwa ki rele pyebwa konesans byen ak mal. Bondye te di Adan ke li pa dwe manje nan pyebwa sa, paske jou li ta manje ladan l, li sètènman va mouri. Yon jou, Satan te vin kote Èv epi ba li yon manti. Li te di “Nou pa p mouri vre. . . nou va vin tankou dye yo, nou va konnen sa ki byen ak sa ki mal” (Jenèz 3:4–5).

E lè li gade fwi bèl pyebwa sa, li wè li t ap bon pou l manje e manje sa t ap bay bon konprann. Li pran kèk fwi, li bay Adan li epi yo toulede manje l. Menm moman an, yo te santi yo koupab anpil nan kè yo. Yo pa t janm santi sa anvan. Yo te konnen ke yo te fè yon bagay ki mal anpil. Yo toulede te wont tèt yo, lè yo te panse ak dezobeyisans yo. Laperèz te antre nan kè yo pandan yo t ap panse sou jan yo va rankontre ak Bondye. Se konsa, yo kache nan mitan pyebwa yo nan jaden an.

Nan sware a, Bondye rele Adan epi li di "Kote ou ye?" Yo pa t kapab kache pou Bondye, se konsa yo te vini nan prezans li epi admèt sa yo te fè ki mal. Bondye te fè yo reyalize ke se yon gwo peche paske yo te dezobeyi kòmandman li. Li te di yo ke yo dwe pini pou dezobeyisans yo. Yo va fè eksperyans doulè ak pwoblèm nan lavi yo. Kounyeya yo va bezwen travay pou yo ka viv. Kò yo pral vin granmoun e vyeyi. Yo ta mouri epi tounen pousyè.

Aprè yo te mete yo deyò nan bèl jaden sa, Bondye mete zanj cheriben ak nepe flanm dife pou anpeche yo manje nan pyebwa lavi a. Yo te kòmanse konprann konsekans peche a e gran doulè li pote.

Rezilta peche se tristès

Adan ak Èv te regrèt anpil paske yo te dezobeyi Bondye. Malgre peche yo, Li te toujou renmen yo. Li te pwomèt pou l voye yon Redanmtè pou delivre limanite.

Kayen ak Abèl se te de premye pitit gason Adan ak Èv. Yon jou, yo te pote ofrann bay Senyè a. Kayen te pote manje li te pwodwi. Abèl pote pi bèl ti mouton nan twoupo li a, li touye l, li fè san li koule. Sakrifis Abèl la te fè Bondye plezi, men Bondye pa t kontan ak Kayen ni ak ofrann li a.

Lè Kayen te remake Bondye te kontan ak Abèl, jalouzi ak rayisman pou Abèl te antre nan kè li. Se konsa, yon jou, pandan yo te ansanm nan jaden, Kayen leve, li touye Abèl, frè li a. Bondye mande Kayen: Kote Abèl, frè ou a? Kayen pa t vle di laverite, alò li di “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè mwen?” (Jenèz 4:9). Kayen pa t obeyisan pou swiv enstriksyon Senyè a. Bondye te avèti li anvan li te touye Abèl ke si li ta fè sa ki byen, li t ap aksepte li. Si li ta sèlman chanje atitid li e renmen frè li a! Yon lòt fwa ankò, peche te lakòz lòm separe ak prezans Bondye. Kayen te vin tounen yon fijitif e yon vakabon.

Bondye tèlman renmen lemonn ke li te bay pitit li

"Sè ke jodiya. . . yon Sovè fèt pou nou. . . Se Kris la, Senyè a ”(Lik 2:11).

Apre Abèl te mouri e kayen te kite kay la, Adan ak Èv te gen yon lòt pitit gason. Non li te Sèt. Sèt te yon nonm ki gen krentif pou Bondye. Bondye te beni desandan Sèt yo. Yo te koute e kwè nan bèl pwomès Bondye pou li voye yon Sovè ki ta delivre yo yon jou. Abraam, espesyalman, te kwè Bondye e poutèt sa li te rele zanmi Bondye. Abraam te gen pwomès ke pa mwayen desandans li, tout fanmi sou latè ta beni.

Anpil ane apre, Bondye te reyalize pwomès li pou voye yon Sovè nan lemonn. Sa te rive nan yon fason mirakile, nan yon ti vil nan lavil Betleyèm nan Jide. Nan yon ti etab, Mari, ki te yon vyèj, te fè premye gason li. (Lik 2: 1-7). Yon zanj te di Mari pou li rele ti bebe a Jezi (ki vle di Sovè). Li ta vin yon gran pwofesè ki ta anseye moun yo anpil bagay sou Bondye. Jezi te grandi menm jan ak tout lòt timoun yo. Nan laj douz an, Li te konprann Pawòl Bondye pi byen pase anpil doktè e chèf nan lavil Jerizalèm. Li te sanble konnen tout bagay sou lalwa Moyiz la ak pwofèt yo. Pa gen moun ki te ka poze l yon kesyon ke li pa t kapab reponn.

Jezi te enterese anpil nan pwoblèm moun li yo. Lè li te gen trantan, li te kòmanse anseye nan sinagòg yo. Yon jou li te li yon pwofesi Ansyen Testaman sou Mesi k ap vini a. Lè li te fin li l, li te di moun yo, "jodiya, pawòl lekriti sa nou sot tande a, li akonpli" (Lik 4:21). Li te anseye moun yo ak otorite. Li te preche ke wayòm Bondye a pre, e ke repantans ta nesesè pou antre nan wayòm nan. Li te anseye moun yo pou adore Bondye nan imilite ak senserite. Li te egzòte ògeye yo ak enkwayan akòz peche yo, e li preche levanjil lamou pou pòv yo e moun ki nan bezwen yo.

Jezi ofri lavi etènèl

Jezi te di, "Mwen se rezirèksyon e lavi. Moun ki kwè nan mwen, menm si li mouri, li va viv" (Jan 11:25). Jezi te fè anpil mirak, li te bay moun yo prèv ke li se Sovè pwomès ki sòt nan Bondye. Li te geri malad yo, fè avèg yo wè, fè moun soud yo tande, chase movèz espri yo, epi resisite moun ki mouri yo. Li te mache sou dlo e kalme lanmè move avèk pawòl li. Li te pale ak yon pye fig frans, e nan jou apre yo te jwenn li chèch jis nan rasin. Li te bay plis pase senk mil moun manje ak senk ti pen e de ti pwason. Lè yo te vin manje ase, te rete douz panyen manje. Pechè yo te kenbe gran kantite pwason lè yo te voye senn dapre pawòl li. Yon jou Jezi te rankontre dis lepre ki te tande pale de li. Yo te kriye, "Mèt, gen pitye pou nou." Pa pawòl Li, yo te vin geri.

Gran foul moun te swiv Jezi chak jou, menm si li te nan vil oubyen li t ap vwayaje nan wout yo. Moun yo te jwenn benediksyon pa mwayen pawòl gras li, jantiyès li, konpasyon li, ak mirak yo ke li te fè.

Li te kòmanse di moun yo ke li se pitit Bondye, e ke Bondye se papa li. Tout moun ki te kwè pawòl li yo te beni. Li te di sa yo ki te kwè nan li, ke yo se pitit Bondye.

Jezi te di disip li yo “Mwen pral pare yon plas pou nou. Si mwen ale pare yon plas pou nou. M a tounen m ap pran nou avèk mwen, pou kote mwen ye nou kapab la tou” (Jan14: 2-3). Plas sa nan syèl la se pou tout vrè kretyen.

"Vini, nou menm ke Papa m beni; vin posede wayòm ki pare pou nou an depi lemonn te kreye" (Matye 25:34).

Jezi te mouri pou peche nou yo

"Lè yo rive kote yo rele krann nan, yo krisifye l la” (Lik 23:33).

Eskrib ak Farizyen yo te fache ak Jezi e ansèyman li yo. Li te souvan repwoche yo paske yo t ap chache onè ak pratik ilegal pou fè lajan yo. Yo te trè jalou e yo te anvye Jezi, paske anpil moun te kwè nan li, swiv li e fè lwanj li. Yo te pè ke moun yo ta kapab fè Jezi wa yo.

Yo te eseye fè Jezi di oubyen fè bagay ki ta lakòz moun yo pèdi konfyans nan li, men Jezi te twò saj pou yo. Rayisman yo ak kòlè yo te monte lè popilarite Jezi te kontinye ogmante. Li te vin tèlman gran ke yo te fè plan pou touye li.

Yo mennen Jezi nan tribinal e akize li kòm yon malfektè e yon blasfemè. Yo te pote anpil fo akizasyon kont li. Apre sa, yo mennen li devan Pontiyis Pilat, gouvènè Women ki te nan Jide a. Pilat pa jwenn okenn fòt nan Jezi, se konsa li te deside pou lage l, men akizatè Jezi yo te tounen yon gwoup mechan e yo te rele, "Krisifye li! Krisifye li!" Lè Pilat te tande kriye kòlè yo ak menas yo, li te aksepte demann yo e li te remèt yo Jezi. Yo te pran Jezi, yo mete yon kouwòn pikan sou tèt li, e nan betiz yo rele l Wa. Yo krache nan figi li e nan mechanste yo bat li. Finalman, yo kloure l sou lakwa e kite l mouri.

Jezi te mouri malgre li te inosan, tankou ti mouton ke Abèl te ofri sou lotèl la plizyè santèn ane avan. Abèl te ofri ti mouton li kòm yon senbòl ti Mouton Bondye a ki te mouri pou peche lemonn. Ansyen pwofèt yo te predi tou soufrans ak lanmò Jezi. Jan Batis te di, "Gade Anyo Bondye a, ki wete peche lemonn" (Jan 1:29). "Paske, Bondye tèlman renmen lemonn, ke li te bay sèl pitit li a, pou nenpòt moun ki kwè nan li pa peri, men pou li gen lavi etènèl" (Jan 3:16).

Jezi te leve sòti vivan nan lanmò pou rann nou lib

"Li pa isit; li resisite, jan li te di a. Vin wè kote l te kouche a" (Matye 28: 6).

Nan twazyèm jou apre lanmò ak antèman Jezi, ki te premye jou nan semenn nan, plizyè medam te ale nan kavo a pou anbonmen kò li. Kòm li byen bonè nan maten, yo te sezi pou wè kavo a vid. Kò Jezi pa t la! Kè yo te boulvèse. Sibitman, de zanj ak rad yo byen klere te kanpe devan yo, yo di "Pouki n ap chache pami mò yo sila ki vivan an? Li pa isit, men li resisite" (Lik 24: 5-6). Byen vit, yo tounen al di disip yo sa yo te wè e tande. Disip yo pa t kwè istwa yo. Se konsa Pyè ak Jan te ale envestige pou wè. Yo menm tou, te jwenn kavo a vid. Yo antre epi yo te wè rad twal len yo, ak sèvyèt la ki te sou tèt li. Lè yo wè bagay sa yo, yo te kwè istwa medam yo. Nan sware a nan menm jou a, disip yo te ansanm nan yon chanm ak pòt byen fèmen paske yo te pè jwif yo. Sibitman Jezi te kanpe nan mitan yo e li di, ’’Lapè avèk nou.” Li montre yo men li yo ak bò kòt li ki te pese. Lè yo te wè Senyè a, yo te kontan epi yo te kwè li te menm Jezi a ki te krisifye e ki te resisite pami mò yo. Apre sa, Jezi parèt devan anpil moun kòm prèv konplèt rezirèksyon li.

Jou Jezi te leve resisite nan lanmò toujou rete jou a ki pi gloriye. Nan jou sa a, plan sali mèveye Bondye a te vin konplèt. Plan sali sa fè yon chanjman nan kè moun daprè gras Bondye pa mwayen lafwa nan lanmò e rezirèksyon Jezi. "Si yon moun nan Kris, li se yon nouvo kreyati; vye bagay yo pase; menni, tout bagay vini nouvo" (2 Korentyen 5:17). Kounyeya tout moun ki resevwa Jezi nan kè yo e swiv li ak obeyisans tout lavi yo va resisite e viv pou tout tan nan syèl la. Jezi te di. "Paske Mwen viv, nou tou, va viv" (Jan 14:19).

Èske mesaj sa touche kè ou? Ki repons ou? Èske ou va repanti e kwè nan levanjil la? "Pa gen okenn lòt ki kapab sove moun; paske yo pa bay lòm okenn lòt non anba syèl la, ki kapab sove nou" (Travay Apòt 4:12). Pa retade. Vini jwenn Jezi jodiya.

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi