Yon fwaye kontan

Yon fwaye ki bèl

Labib ban nou yon plan pou nou genyen yon fwaye ki bèl, ki byen solid, e ki kontan. Fwaye a kapab genyen lapè e kontantman, oubyen li kapab genyen tansyon ak konfli. Èske fwaye ou kontan, solid, e gen ase fòs pou li pa tonbe nan tanpèt lavi yo?

Fwaye a se yon pati nan sosyete ki enpòtan. Bondye te fè plan sa pou devlopman espirityèl nou, kontantman emosyonèl nou, epi satisfaksyon fizik nou. Bondye te toujou gen plan sa pou manm fwaye yo ede youn ak lòt jwenn kontantman e pou fanmi yo viv nan lapè.

Rezon ki fè kèk fwaye pa kontan

Alò, poukisa gen anpil fwaye ki pa kontan? Poukisa yo kraze ak konfli, separasyon, epi divòs? Se paske nou pa swiv plan Bondye. Nan pawòl li nou jwenn sa nou bezwen pou bati yon fwaye ki kontan. Fwaye ki bati daprè Pawòl li va genyen amou, konfyans, benefis jeneral, epi chak moun pare pou rann lòt yo sèvis. Fwaye konsa bay kontantman nan lavi nou epi konsève kominote nou ak nasyon nou. Èske w ap swiv plan Bondye, Gran Mèt la? “Si Letènèl pa bati kay la, sa yo k ap bati l ap travay pou granmèsi” (Sòm 127:1).

Pandan nou jenn, nou poze fondasyon an pou fwaye nou. Yon lavi pwòp devan Bondye se yon engredyan enpòtan nan preparasyon nou pou maryaj. Peche imoral anvan maryaj va afebli estabilite moral e va mete fwaye nou nan danje. Yon lespri egoyis ak yon lavi kote nou chache avantaj pwòp tèt nou, lè nou jenn, etabli yon modèl ki kapab ravaje lavi nou nan maryaj. Gran pousantaj divòs nan lemonn se prèv ase pou reyalite sa. Nou dwe repanti konplètman pou peche sa yo anvan nou kapab jwenn yon nouvo lavi nan Kris. Lè sa, nou kapab kite vye lavi nou dèyè epi Bondye va vini ak benediksyon li yo.

Yon fwaye kòmanse lè yon gason ak yon fi marye. Labib di nou dwe marye "sèlman daprè Senyè a" (1 Korentyen 7:39). Sa vle di ke gason an ak fi a te remèt lavi yo ak volonte yo bay Senyè a. Bondye dwe gen premye plas la. Lè gason an ak fi a pa egoyis yo kapab jwi kontantman ansanm.

Marye daprè Senyè a

Tèks konplèt: Yon fwaye kontan

Marye "daprè Senyè a" pa sèlman vle di ke mari ak madanm nan se kretyen, men ke Senyè a va gide youn ak lòt. Pasyon ak dezi yo se move fason pou kòmansman yon maryaj. Lè pasyon ak dezi se baz atraksyon nou youn ak lòt, kapab gen fristrasyon ak konfli nan maryaj la. Lè nou fè Senyè a konfyans pou gide chwa nou yo, sajès divin li va wè davans konpayon nou va bezwen an. Plan li se pa sèlman pou jodiya, men pou tout ane k ap vini yo. Senyè a ka chwazi santiman ak tanperaman diferan ki pral konplete youn ak lòt, ki va bay yon inite pi ekilibre. "E tou de va yon sèl chè" (Mak 10:8).

Maryaj vle di ke gen yon angajman pou tout lavi, pa sèlman yon kontra legal. Jezi te bay kòmandman klè sa: “Piga lòm separe sa Bondye ini.” (Matye 19:6).

Yon lòd daprè Bondye

Fwaye a se yon ti kominote pou kont li, e menm jan ak tout lòt pati sosyal, li nesesè pou chak moun pote responsabilite ki diferan. Bondye te ban nou yon plan pou lòd sa nan Labib. Se yon ankadreman k ap pote bon lòd ak kontantman nan fwaye a si nou swiv li. Pi gran responsabilite a se pou mari a, apre sa pou madanm nan, e apre sa pou pitit la, daprè lòd sa. (Gade 1 Korentyen 11:3 epi Efezyen 5:22-24). Lè Bondye etabli e apwouve yon prensip, li vin yon prensip ki sakre. Nenpòt dezobeyisans nan lòd sa, va pote yon mezi tristès. Okontrè, sa yo ki obeyi, Li va beni yo ak sentete, kontantman, epi gras.

Nan maryaj, mari ak madanm nan kòmanse yon inyon kote yo chak gen yon responsabilite e obligasyon. Yo toulede nesesè, yo chak fonksyon diferan e abilite yo pou fè fwaye a konplèt. Yon moun dwe pran devan, e Bondye te chwazi pozisyon sa pou nonm nan. “Paske tèt yon madanm se mari li, menm jan Kris se tèt legliz la. . . e li bay tèt li pou li” (Efezyen 5:23, 25). Amou konsa plen ak yon lespri ki rann sèvis pou lòt moun. Se amou sa ki kòz mari a va pran swen madanm li e konsidere li “tankou pwòp kò li” (Efezyen 5:28). Yon mari ki gen amou sa p ap konsidere madanm li pi ba pase li. Okontrè, mari a va mete konfyans nan madanm li e chache konsèy li, e fè li vin yon vrè patnè pa mwayen amou li.

“Menm jan an madanm yo, se pou nou soumèt nou anba pwòp mari nou.” (1 Pyè 3:1). Lè yon madanm swiv direksyon mari li nan fwaye a, menm jan mari li obeyi Kris, kay sa va tounen yon refij lapè ak kontantman. Efezyen 5:33 di, "E ke yon madanm respekte mari li." Rebelyon kont prensip sa te pote anpil tristès nan fwaye yo jodiya. Si prensip sa pa respekte, li pa sèlman pote konfli nan lavi fanmi an, men tou, li pote konfli espirityèl nan kè madanm nan.

Plas timoun yo

Nou renmen panse ke timoun yo pi e inosan. Sepandan, nou tout fèt ak nati peche. Pandan yon timoun ap grandi, nati egoyis li va parèt pi plis. Li va pote anpil mekontantman sou tèt li ak lòt moun sòf si paran yo korije tandans sa yo.

Devwa yon timoun se pou obeyi paran li. "Timoun, obeyi paran nou selon Senyè a, paske se yon bagay ki jis" (Efezyen 6:1). Gen yon egzanp pafèt sou obeyisans sa nan lavi Jezi lè l te timoun “Epi li desann ak yo al Nazarèt, e li te soumèt li devan yo” (Lik 2:51). Lè prensip soumisyon an pratike epi li vin abitid kay la, paran ak timoun yo va pi kontan, e kay la va pi agreyab.

Lè lòd Bondye respekte, paran yo va viv pou pitit yo, e pitit yo pou paran yo, epi tout va viv pou Bondye. Fwaye sa yo va beni kominote nou yo, epi yo va bay nasyon nou yo valè.

Anpil jèn patisipe nan dwòg, lamòd, ak amizman lemonn. Yo kaptive nan yon sosyete lach k ap voye jete prensip ak pwòpte moral. Nan tan pase, prensip ak moral sa yo te bay kominote nou yo entegrite ak estabilite. Èske mank sekirite ak fwaye ki pa kontan yo pa baz pwoblèm mekontantman jenn yo? Kisa ou ka fè pou sa? Èske ou pa janm panse ke fondasyon fwaye ou a depann de oumenm ak fidelite ou pou Bondye?

Kris se fondasyon an

Si nou vle bati yon fwaye ki solid e kontan, Jezi Kri dwe fondasyon an. Lapli kapab tonbe e tanpèt ka frape li, men ak Kris li va kanpe (Matye 7:24-27). Li va ban nou direksyon, fòs ak kouraj ki va fè fwaye nou pwospere e kontan nan monn sa ki mechan e ensansib. Jezi pare pou li antre kay nou. Li di: "Gade, mwen kanpe nan pòt la e m ap frape" (Revelasyon 3:20). Premyeman, li frape nan pòt kè nou, apre sa nan pòt kay nou. Èske nou va kite li antre?

Yon fwaye kontan kòmanse nan kè nou. Nou pa kapab gen vrè lapè nan fwaye nou san lapè nan kè nou. Lè nou mete konfyans nou nan Bondye nou va jwenn viktwa pèsonèl chak jou sou kòlè ak fristrasyon nou. “Ou va kenbe li nan lapè pafèt, li menm ki gen lespri li fikse sou ou, paske li konfye nan ou.” (Ezayi 26:3).

Yon fanmi ki gen Bondye va priye ansanm pou pwòp kè yo, fwaye yo ak bezwen kominote a. Lapriyè ini yon fanmi ansanm. Jan pawòl la di, "Fanmi k ap priye ansanm rete ansanm."

Kwè epi aksepte plan Bondye pou lavi ou ak fwaye ou. Ouvri pòt kè ou bay Kris. “Jodiya, si ou tande vwa li, piga fè kè ou di.” (Ebre 3:7-8). Senyè a ap tann pou li beni kè ou ak lakay ou. Tounen jwenn li ak tout kè ou epi rete fidèl. Yon jou li va ouvri pòt kay selès sa pou ou, kote bonè ak lapè pafèt va akeyi ou pou toutan.

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi