Pouvwa tenèb yo

Idantifye taktik Satan yo pa mwayen limyè Pawòl Bondye

Se pa entansyon Labib pou konsantre sou Satan ak travay li yo. Malgre sa, nou jwenn anpil enfòmasyon nan Labib ki ekspoze karaktè ak travay li.

Yon fwa Satan te yon zanj, men li te fè rebèl kont Bondye, kreyatè li, e li te vle vin tankou Bondye. Pratik wayòm tenèb la pa nouvo. Se toujou menm efò yo li fè pandan tout syèk yo pou rivalize kont wayòm Bondye a. Satan ap eseye ofri nou yon lòt mwayen pase sa Bondye ap akonpli pa mwayen Sentespri a.

Nou li nan Egzòd sou pouvwa majisyen Lejip yo ki te eseye fè menm mirak ke Bondye te fè pa mwayen Moyiz. E nan liv Jòb, nou li ke Satan te jalou anpil akòz fidelite Jòb anvè Bondye. Li te sèvi ak mechanste e destriksyon pou eseye fòse Jòb fè peche kont Bondye.

Metòd Satan yo karakterize pa: perèz, menas, pwomès plezi, pouvwa, entimidasyon, ak dout. Kèk premye bagay li prezante nou yo sanble trè enteresan e atiran. Li mande nou, "Èske nou ta renmen konnen fiti a, oubyen gen konesans ke lòt yo pa genyen?" Li kapab ofri remèd ki depase lasyans. Souvan astwoloji oubyen divinò kapab sanble san danje, men pa lontan yo vin melanje ak kèk pawòl ou fòmil majik, e obsèvasyon pou sèten jou espesyal ak perèz pou nimewo malchans. E panse sa yo kòmanse fè nou santi ke gen kèk lespri ki dwe gen respè ak krentif akòz pouvwa yo kapab genyen sou nou. Se konsa Satan pran moun ki enpridan yo nan pyèj, e kenbe yo nan yon perèz konplèt pou limenm ak lespri li yo.

Twòp moun gentan pran nan pyèj akòz kiryozite yo nan kèk bagay ki nan kòmansman te sanble san danje. Tankou nan fè eksperyans ak planchèt Ouija, lekti owoskòp, divinò, ak kèk lòt pratik, konsa yo mete tèt yo nan pozisyon kote movèzespri kapab atake yo.

Plan Satan se pou afebli e totalman detwi lafwa kretyen an nan Bondye. Kretyen an va jwenn viktwa pa lafwa nan Jezi Kris e nan limenm sèl. Yon dezi pou konnen sa ki enkonni ak yon anvi pou pwisans e pwoteksyon kapab pouse yon moun eseye bagay ki nan wayòm Satan yo. Men, yon konfyans senp nan Bondye va mete nou alèz ak sa ki enkonni yo e kreye nan nou yon konfyans konplèt nan pouvwa Kris la.

Tèks konplèt: Pouvwa tenèb yo

Bagay ki kòmanse nan kiryozite oubyen nan fè eksperyans, apre kèk tan konn tounen yon pèlen pou mare yon moun nan perèz; perèz pou sa ki kapab rive, perèz pou pi gwo pouvwa yo, perèz lòt moun, e perèz pou Satan menm. Perèz sa yo anvlope moun nan, ki lese tèt li antre nan kèk pratik ensèten sa yo. Pou reponn ak perèz sa, Satan pran pòz li gen yon remèd. Li ofri plis pouvwa si yon moun va mete tèt li nan sèten seremoni ak kèk lòt pratik. Li di nou kapab lite kont perèz lòt lespri yo pa mwayen yon posesyon oubyen yon pi gwo pouvwa. Se konsa moun nan vin eseye monte nan yon nivo pouvwa pi wo. Olye pou fè moun nan monte nan yon nivo lapè ki pi wo, li fè li tonbe nan yon toubouyon pou desann nan fon dominasyon li. Sekirite Satan pwomèt la enstab, e toujou gen nesesite pou plis pwotèksyon an fas pi gwo pwisans yo nan wayòm mechan an, sa se sistèm satanik la.

Plan Satan se pou li pran plas Bondye. Satan te kreye pou li bay adorasyon, pa pou li resevwa adorasyon. Li pa yon pwisans siprèm; li pa kapab venk Anyo Bondye a; li pa kapab bay sekirite; li pa enterese nan byennèt nou. Malgre sa, li kontinye travay pou egzèse fòs sou moun e pou mete yo anba lòd li. Li eseye kreye mefyans anvè Bondye ak wayòm Li. L ap fè efò pou etabli yon òganizasyon avèk limenm kòm mèt. Sa devlope pa mwayen yon sistèm perèz ak imitasyon pouvwa. Li fè mèvèy jis pou mete krentif nan panse moun (2 Korentyen 11:14,15). Efè sistèm sa se pou detwi lapè ak sekirite nan moun, fwaye yo, ak nan gouvènman yo. Li kaptire moun e menase yo anpil si yo eseye chape.

Satan se ènmi ki pi mal, pi mechan, pi visye, pi terib pase tout ènmi yo ou genyen. Li totalman san onè. Li se yon mantè. Pa gen okenn laverite nan li —"Li se mantè e li se papa manti" (Jan 8:44). Li se yon ansasen epi yon ravajè. Li se reyalizatè tout rayisans e malè. Li mechan nan tout sans, e pa gen anyen byen ki kapab sòti nan li.

Satan se otè tout malè. Pa gen okenn krim oubyen peche ki twò mal ou twò sal pou li. Se limenm ki lakòz tout rayisans, tout krim, tout abi sou pitit ak madanm yo, tout adiksyon dwòg, tout imoralite, tout fwaye ki kraze yo, tout kont, tout maji, ak tout zak malonèt. Li pran plezi nan pwovoke krim pasyonèl ak mechanste, krim kont inosan ki tonbe nan men moun ki deprave e pevèti. Li kriyèl e san mizèrikòd. Soufrans pa enspire okenn konpasyon nan li. Fè san koule ak lanmò se mwayen li itilize pou avantaj li. Li te vini "pou vòlò, touye e detwi" (Jan 10:10).

Destinasyon Satan pou letènite gentan deside. Gen yon letan dife etènèl ki prepare pou limenm ak zanj li yo (Matye 25:41). Li ta renmen pran pi plis moun ke posib pou ale soufri touman sa avèk li. Li konnen li kapab fè sa pandan l ap diminye e detwi lafwa nou nan Bondye. Li ka fè sa pa mwayen yon atak dirèk sou Pawòl Bondye a, oubyen ak ankourajman sibtil ki fè lavi Kretyen an vin tyèd, sitirè, epi toleran.

Genyen delivrans anba grif Satan. Li ta fè nou kwè pa gen chemen pou sòti. Labib di nou Jezi te vini pou delivre prizonye yo. Li te vini pou bay lavi. Jezi se chemen an, laverite a, e lavi a (Jan14:6). Pandan lavi li sou latè, Jezi demontre pwisans Li sou Satan lè li te reziste tantasyon Satan e chase movèzespri yo ak Pawòl Bondye (Matye 4:1-11; Mak 9:25,26). Jezi te pote laviktwa sou pouvwa Satan pa mwayen lanmò Li sou lakwa ak rezirèksyon Li nan lanmò.

Èske nou kapab pwofite laviktwa sa epi triyonfe sou pi gran lènmi nanm nou yo? Premyeman, nou dwe rekonèt nou te gentan kaptire anba men Satan e nou mare nan perèz li. Nou dwe admèt sa se peche e nou va pèdi si nou rete nan eta sa. Lè nou reyalize ke nou pa kapab delivre tèt nou anba grif Satan, nou dwe rele Bondye ak tout kè nou pou mande delivrans. Nou dwe repanti epi kite peche nou yo. Pa lafwa nou dwe aksepte san Jezi Kri pou peye dèt peche nou. Nou dwe rann tèt nou bay Bondye, aksepte padon li e obeyi Pawòl li fidèlman. Lè nou aksepte kondisyon sa yo, li bay nou lapè avèk li. Li kalme enkyetid ki nan kè nou e padone peche nou yo. Li ban nou yon nou o nati e fè nou devni youn nan pitit li yo. Se sa ki rele nouvo nesans la. Nenpòt moun ki reziste apèl Bondye toujou nan wayòm Satan an. Twonpè a va mennen moun sa avèk li nan touman etènèl la.

Si ou pa konprann plan Bondye te fè pou ou, se pou ou etidye Pawòl Bondye, lapriyè li avèk yon kè onèt, e li va montre ou wout la. Bondye ap rele ou vin jwenn li e li vle pou ou sove anba esklavaj Satan. Bondye beni ou. Li Sòm 91.

Lekti adisyonèl:

Lik 11:20-23 ...... Youn ki pi fò pase Satan
Women 6:20-23 ...... Delivre anba peche
Ezayi 61:1 ...... Libète pou prizonye yo
Women 8:1-2 ...... Delivre anba kondanasyon

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi

Yon Repons Pou Ou

Jesus at the well

Èske ou konnen gen yon Moun ki konnen tout bagay de ou? Se Bondye ki te kreye lemonn ak tout sa ki ladann. Jezi, Pitit Bondye a, konnen tout bagay ou fè. Li konnen tout sa ki te pase nan tan lontan, sa k ap pase jodiya, ak sa ki pral rive demen. Li renmen ou e Li te vini nan lemonn sa pou sove ou nan peche. Li gen yon plan pou lavi ou pou fè ou kontan.

Yon jou Jezi t ap vwayaje ak zanmi li yo. Li te antre nan yon vil nan Samari. Jezi te chita bo kote yon pi pou repoze pandan zanmi li yo te al achte manje.

Pandan Jezi te chita la, yon fanm te vini pou tire dlo nan pi a. Jezi te mande l, “Èske ou ka ban mwen yon ti dlo pou m bwè?”

Tèks konplèt: Yon Repons Pou Ou

Fanm nan te sezi. “Ou te mande m dlo? Èske ou pa konnen ke mwen se yon Samariten, e pèp ou a, Jwif yo, pa annafè avèk nou?”

Jezi te reponn ak jantiyès, “Si ou te vrèman konnen Bondye, e ki moun k ap pale avèk ou la, ou t ap mande pou mwen bay ou dlo vivan an. Mwen t ap kontan bay ou li.”

Fanm la te etonnen, li te gade Li, e li di, “Mesye, pi a fon. Ou pa gen anyen pou tire dlo a. Kijan ou va tire dlo vivan sa?”

The woman running to town

Jezi te reponn ankò, “Moun ki bwè dlo nan pi sa pral swaf ankò. Men si ou bwè dlo mwen va bay ou a, ou p ap janm swaf ankò.”

Fanm nan te di, Mesye, ban mwen dlo sa a pou mwen pa janm swaf ankò, e pou mwen pa bezwen tounen la pou tire dlo.

Jezi te di, “Ale, di mari ou e retounen kote mwen.

Li te reponn, “Mwen pa gen mari.

Jezi te di, “Se vre,” “Ou gentan pase senk mari, men sa ki avèk ou kounyeya pa mari ou.”

Fanm nan te poze tèt li kesyon, kijan nonm sa konnen mwen byen konsa? “Mesye, mwen ka wè ou se yon pwofèt. Mwen gen yon kesyon pou ou. Pèp mwen an konn adore Bondye nan plas sa a. Men ou di Jerizalèm se plas pou nou adore.”

Jezi te di li, “Se pa kote ou adore a ki enpòtan; jodiya vrè kwayan yo kapab adore Papa a an lespri e an verite nenpòt kote.”

Fanm nan di, “Mwen konnen ke Mesi a ap vini, sa ki rele Kris la, e lè Li vini, Li va devwale tout bagay.”

Lè sa, Jezi te di l byen senp, “Mwen se Li.”

Se konsa fanm nan te kite krich dlo li a, e li te retounen nan vil la. Li rele, “Vini, e wè yon nonm ki te di mwen tout sa mwen te fè nan lavi mwen. Èske li pa Kris la?”

Lè sa abitan yo nan vil la te ale pou rankontre Jezi. Anpil moun te kwè ke li se Kris la, Sovè a, paske li te konnen tout bagay de yo. Ou kapab li istwa sa nan Labib nan Jan 4:3-42.

Jesus teaching the crowd

Jezi konnen tout bagay de nou, ni sa ki bon ni sa ki mal. Nou ta renmen kache bagay mal yo nou te fè nan lavi nou, men nou pa ka kache yo devan Jezi. Li te vini pou sove nou anba pinisyon an ke nou te merite pou peche nou yo. Li kapab retire chay lou nou santi sou kè nou e bay nou lapè. Li te mouri pou retire peche nou yo, e sa li posib pou nou gen yon plas nan syèl la lè nou mouri.

Jezi se solisyon pou tout nesesite ak tout kesyon ou yo. Li vle zanmi ou. Li vle ranpli vid la nan kè ou. Li kapab retire perèz ak twoub epi ranplase yo avèk lapè e kè poze.

Jezi di, “Vin jwenn mwen… e m a ban nou repo” (Matye 11:28). Sèlman priye Bondye e di Li ke ou regrèt peche ou yo. Mande Jezi pou antre nan lavi ou. Lè ou konsakre tèt ou devan gran Bondye sa a ak lafwa, Li va vin demere nan kè ou. Prezans li va bay ou lajwa. Li va bay ou fòs e dirèksyon nan lavi ou. Konsa Li va solisyon an pou ou.

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi

Yon fwaye kontan

Yon fwaye ki bèl

Labib ban nou yon plan pou nou genyen yon fwaye ki bèl, ki byen solid, e ki kontan. Fwaye a kapab genyen lapè e kontantman, oubyen li kapab genyen tansyon ak konfli. Èske fwaye ou kontan, solid, e gen ase fòs pou li pa tonbe nan tanpèt lavi yo?

Fwaye a se yon pati nan sosyete ki enpòtan. Bondye te fè plan sa pou devlopman espirityèl nou, kontantman emosyonèl nou, epi satisfaksyon fizik nou. Bondye te toujou gen plan sa pou manm fwaye yo ede youn ak lòt jwenn kontantman e pou fanmi yo viv nan lapè.

Rezon ki fè kèk fwaye pa kontan

Alò, poukisa gen anpil fwaye ki pa kontan? Poukisa yo kraze ak konfli, separasyon, epi divòs? Se paske nou pa swiv plan Bondye. Nan pawòl li nou jwenn sa nou bezwen pou bati yon fwaye ki kontan. Fwaye ki bati daprè Pawòl li va genyen amou, konfyans, benefis jeneral, epi chak moun pare pou rann lòt yo sèvis. Fwaye konsa bay kontantman nan lavi nou epi konsève kominote nou ak nasyon nou. Èske w ap swiv plan Bondye, Gran Mèt la? “Si Letènèl pa bati kay la, sa yo k ap bati l ap travay pou granmèsi” (Sòm 127:1).

Pandan nou jenn, nou poze fondasyon an pou fwaye nou. Yon lavi pwòp devan Bondye se yon engredyan enpòtan nan preparasyon nou pou maryaj. Peche imoral anvan maryaj va afebli estabilite moral e va mete fwaye nou nan danje. Yon lespri egoyis ak yon lavi kote nou chache avantaj pwòp tèt nou, lè nou jenn, etabli yon modèl ki kapab ravaje lavi nou nan maryaj. Gran pousantaj divòs nan lemonn se prèv ase pou reyalite sa. Nou dwe repanti konplètman pou peche sa yo anvan nou kapab jwenn yon nouvo lavi nan Kris. Lè sa, nou kapab kite vye lavi nou dèyè epi Bondye va vini ak benediksyon li yo.

Yon fwaye kòmanse lè yon gason ak yon fi marye. Labib di nou dwe marye "sèlman daprè Senyè a" (1 Korentyen 7:39). Sa vle di ke gason an ak fi a te remèt lavi yo ak volonte yo bay Senyè a. Bondye dwe gen premye plas la. Lè gason an ak fi a pa egoyis yo kapab jwi kontantman ansanm.

Marye daprè Senyè a

Tèks konplèt: Yon fwaye kontan

Marye "daprè Senyè a" pa sèlman vle di ke mari ak madanm nan se kretyen, men ke Senyè a va gide youn ak lòt. Pasyon ak dezi yo se move fason pou kòmansman yon maryaj. Lè pasyon ak dezi se baz atraksyon nou youn ak lòt, kapab gen fristrasyon ak konfli nan maryaj la. Lè nou fè Senyè a konfyans pou gide chwa nou yo, sajès divin li va wè davans konpayon nou va bezwen an. Plan li se pa sèlman pou jodiya, men pou tout ane k ap vini yo. Senyè a ka chwazi santiman ak tanperaman diferan ki pral konplete youn ak lòt, ki va bay yon inite pi ekilibre. "E tou de va yon sèl chè" (Mak 10:8).

Maryaj vle di ke gen yon angajman pou tout lavi, pa sèlman yon kontra legal. Jezi te bay kòmandman klè sa: “Piga lòm separe sa Bondye ini.” (Matye 19:6).

Yon lòd daprè Bondye

Fwaye a se yon ti kominote pou kont li, e menm jan ak tout lòt pati sosyal, li nesesè pou chak moun pote responsabilite ki diferan. Bondye te ban nou yon plan pou lòd sa nan Labib. Se yon ankadreman k ap pote bon lòd ak kontantman nan fwaye a si nou swiv li. Pi gran responsabilite a se pou mari a, apre sa pou madanm nan, e apre sa pou pitit la, daprè lòd sa. (Gade 1 Korentyen 11:3 epi Efezyen 5:22-24). Lè Bondye etabli e apwouve yon prensip, li vin yon prensip ki sakre. Nenpòt dezobeyisans nan lòd sa, va pote yon mezi tristès. Okontrè, sa yo ki obeyi, Li va beni yo ak sentete, kontantman, epi gras.

Nan maryaj, mari ak madanm nan kòmanse yon inyon kote yo chak gen yon responsabilite e obligasyon. Yo toulede nesesè, yo chak fonksyon diferan e abilite yo pou fè fwaye a konplèt. Yon moun dwe pran devan, e Bondye te chwazi pozisyon sa pou nonm nan. “Paske tèt yon madanm se mari li, menm jan Kris se tèt legliz la. . . e li bay tèt li pou li” (Efezyen 5:23, 25). Amou konsa plen ak yon lespri ki rann sèvis pou lòt moun. Se amou sa ki kòz mari a va pran swen madanm li e konsidere li “tankou pwòp kò li” (Efezyen 5:28). Yon mari ki gen amou sa p ap konsidere madanm li pi ba pase li. Okontrè, mari a va mete konfyans nan madanm li e chache konsèy li, e fè li vin yon vrè patnè pa mwayen amou li.

“Menm jan an madanm yo, se pou nou soumèt nou anba pwòp mari nou.” (1 Pyè 3:1). Lè yon madanm swiv direksyon mari li nan fwaye a, menm jan mari li obeyi Kris, kay sa va tounen yon refij lapè ak kontantman. Efezyen 5:33 di, "E ke yon madanm respekte mari li." Rebelyon kont prensip sa te pote anpil tristès nan fwaye yo jodiya. Si prensip sa pa respekte, li pa sèlman pote konfli nan lavi fanmi an, men tou, li pote konfli espirityèl nan kè madanm nan.

Plas timoun yo

Nou renmen panse ke timoun yo pi e inosan. Sepandan, nou tout fèt ak nati peche. Pandan yon timoun ap grandi, nati egoyis li va parèt pi plis. Li va pote anpil mekontantman sou tèt li ak lòt moun sòf si paran yo korije tandans sa yo.

Devwa yon timoun se pou obeyi paran li. "Timoun, obeyi paran nou selon Senyè a, paske se yon bagay ki jis" (Efezyen 6:1). Gen yon egzanp pafèt sou obeyisans sa nan lavi Jezi lè l te timoun “Epi li desann ak yo al Nazarèt, e li te soumèt li devan yo” (Lik 2:51). Lè prensip soumisyon an pratike epi li vin abitid kay la, paran ak timoun yo va pi kontan, e kay la va pi agreyab.

Lè lòd Bondye respekte, paran yo va viv pou pitit yo, e pitit yo pou paran yo, epi tout va viv pou Bondye. Fwaye sa yo va beni kominote nou yo, epi yo va bay nasyon nou yo valè.

Anpil jèn patisipe nan dwòg, lamòd, ak amizman lemonn. Yo kaptive nan yon sosyete lach k ap voye jete prensip ak pwòpte moral. Nan tan pase, prensip ak moral sa yo te bay kominote nou yo entegrite ak estabilite. Èske mank sekirite ak fwaye ki pa kontan yo pa baz pwoblèm mekontantman jenn yo? Kisa ou ka fè pou sa? Èske ou pa janm panse ke fondasyon fwaye ou a depann de oumenm ak fidelite ou pou Bondye?

Kris se fondasyon an

Si nou vle bati yon fwaye ki solid e kontan, Jezi Kri dwe fondasyon an. Lapli kapab tonbe e tanpèt ka frape li, men ak Kris li va kanpe (Matye 7:24-27). Li va ban nou direksyon, fòs ak kouraj ki va fè fwaye nou pwospere e kontan nan monn sa ki mechan e ensansib. Jezi pare pou li antre kay nou. Li di: "Gade, mwen kanpe nan pòt la e m ap frape" (Revelasyon 3:20). Premyeman, li frape nan pòt kè nou, apre sa nan pòt kay nou. Èske nou va kite li antre?

Yon fwaye kontan kòmanse nan kè nou. Nou pa kapab gen vrè lapè nan fwaye nou san lapè nan kè nou. Lè nou mete konfyans nou nan Bondye nou va jwenn viktwa pèsonèl chak jou sou kòlè ak fristrasyon nou. “Ou va kenbe li nan lapè pafèt, li menm ki gen lespri li fikse sou ou, paske li konfye nan ou.” (Ezayi 26:3).

Yon fanmi ki gen Bondye va priye ansanm pou pwòp kè yo, fwaye yo ak bezwen kominote a. Lapriyè ini yon fanmi ansanm. Jan pawòl la di, "Fanmi k ap priye ansanm rete ansanm."

Kwè epi aksepte plan Bondye pou lavi ou ak fwaye ou. Ouvri pòt kè ou bay Kris. “Jodiya, si ou tande vwa li, piga fè kè ou di.” (Ebre 3:7-8). Senyè a ap tann pou li beni kè ou ak lakay ou. Tounen jwenn li ak tout kè ou epi rete fidèl. Yon jou li va ouvri pòt kay selès sa pou ou, kote bonè ak lapè pafèt va akeyi ou pou toutan.

Kontakte Nou

Kòmande Bwochi